Nan kad ankèt lajistis ameriken ap mennen sou kidnapin plizyè misyonè ameriken nan peyi ayiti nan lane 2021, depatman jistis Etazini asiyen ofisyèlman jodia Jean Pelice alyas “Zo”, ki akize kòm youn nan manm “400 mawozo” ki te patisipe nan zak sa.
Jean Pelice alyas Zo Arete depi 16 Me 2022, aprè yon manda li te gen dèyè li, depi lè sa li fèmen nan prizon kay tonton Sam. Selon sa jounal VOA rapòte.
Jodi 7 jiyè 2022, Pelice fè premye parèt li devan lajistis ameriken nan yon tribinal ki nan Washington daprè yon anons John Bernardo, ajans espeyal k ap dirije Biwo “FBI” Miami an te fè.
“Zo” gen Akizasyon kòm youn nan moun ki te gen dwèt li tranpe nan zak kidnapin 17 misyonè Kretyen ki te fèt 16 Oktob 2021 pa twò lwen kapital Potoprens lan.
Anplis, nan mitan misyonè sa yo, gen16 nan yo ki se te Ameriken epi te gen 5 timoun ladan yo san bliye yon ti bebe 8 mwa.
Misyonè sa yo te pase 61 jou nan men mesye 400 mawozo yo avan pi fò te jwenn chans chape poul yo .
Gang 400 Mawozo a te mande yon kantite kòb pou lage misyonè yo epi te vle sèvi ak yo pou fòse leta Ayisyen lage Joly Germine alyas Yonyon chèf 400 Mawozo a ki te fèmen nan prizon.
Sa ki pa te rive mache, paske “Yonyon” te rete nan prizon epi te menm rive tranfere nan prizon Etazini depi 10 Me 2022, aprè blan Ameriken te vin chèchè li isit epi akize li kòm moun ki te konplote pou komèt kidnapin. Yonyon deside plede li pa koupab nan zak sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022