Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home People

Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

Mag Haiti by Mag Haiti
July 18, 2022
in People
0

Nan yon videyo k ap tounen sou rezo sosyal yo, rapè ayisyen an tout moun konnen sou non Fantom fè anpil deklarasyon piman bouk, kote li menase bòykote pwogram “Sumfest” ki gen pou fèt nan jou yo la epi li te tou pwofite menase animatè ayisyen an Carel Pedre, kote li di se baton ak bal ki rezève pou animatè “Chokarella”.

Fantom kritike Carel, selon sa li di animatè a pa janm ankouranje rapè ayisyen, men li sòti pou li defann Dadju, paske atis fransè a pa te gen chans jwe Ayiti semenn ki sot pase a jan sa te prevwa fèt. « Ale nan Sumfest la se youn tounen an se 2 », se sa rapè a te deklare pandan li te andirèk sou paj li.

Rapè a te pale tankou bandi yo ki toujou ap fè moun menas: “anba lavil la gen yon mèt, si m di yon nèg p ap desann anba lavil ou paka desann rapè ret rapè. Mas*s*. Ou la pou w kraze rap Carel. Ou sou lis baton ou sou lis bal“, se mesaj sa Fantom voye pou Carel.

ADVERTISEMENT

Li te pwofite felisite rapè Baky pou gwo espektak li te òganize nan El Rancho a. Li avanse pou li fè konnen, malgre Carel nan estaf Baky a, li prefere plis pale sou Dadju ki pa te gen chans pèfòme olye li fè elòj Baky ki se ayisyen parèy li.

Li ale pi lwen pou li di : pwogram “Sumfest” ki genyen pou fèt 31 jiyè 2022 nan Wahoo Bay, ale ladan li se youn, men retounen an se yon lòt. Atis la pa mete dlo nan bouch li, li te pwofite atake yon seri boujwa kote li di ki plis ap envesti pou fè atis etranje vin jwe Ayiti olye yo ankadre atis Ayisyen nou yo.

Fòk nou di tou, se pa premye fwa Fantom ap menase moun ki nan sektè kiltirèl la. Pandan n ap raple, nan yon layv li te fè ak animatè Leroy apre lanmò bitmekè Fred Hype, li te di atis PIC ak Baky annafè ak li. Kote li te presize se pa bif rap li genyen ak PIC, men se pito bif ponyèt. Li te kontinye ajoute : ” 2 mesye sa yo ak anpil lòt ankò, malgre sa Fred Hype te fè pou yo, li mouri youn ladan yo pa pwononse yon mo senpati ak li”.

Pandanstan, n ap raple tou Fantom atis Barikad Crew a gen gwo akizasyon sou do li, kòmkwa li se youn nan manm òganizasyon kriminèl ki rele « Baz Pilat » nan 3e sikonskripsyon Pòtoprens lan.

Dayè Fantom pa te janm pè afiche li ak youn nan pi gwo chèf gang sa ki rele Ti Grèg la ki se te yon ansyen polisye ak parenn piti li.

Avan gè Matisan an te reprann, ansyen chantè Barikad Crew a te gentan kouri al viv Sen Domeng aprè lapolis te fin tire sou machin li, lè li t ap fè wòklò pou li t al pèfòme pou chèf gang Izo nan Vilaj Dedye. Se nan moman l ap viv kay vwazen an, li te voye yon videyo menas pou yon moun, kote l ap montre yon pil moun sivil dèyè do li ak gwo zam lagè.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 30,069
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Rony Dumond tué par ses ravisseurs malgré le versement de plusieurs rançons

Next Post

Le Dr. Roberto Peigne tué aux États-Unis après avoir fui l’insécurité en Haïti

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti est un média en ligne qui a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Le Dr. Roberto Peigne tué aux États-Unis après avoir fui l’insécurité en Haïti

Le Dr. Roberto Peigne tué aux États-Unis après avoir fui l'insécurité en Haïti

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow
ADVERTISEMENT

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (71,355)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (37,300)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (30,069)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (28,135)

Nouveaux Articles

  • Aprè Tafa nan lane 2022, jodi a se atis Ken FS ki anonse li kite labèl Evazyon Mizik
  • Guy Phillipe resi jwenn liberasyon l aprè li finn pase 3 jou nan DCPJ
  • Nu Look: un album XXL Just for you

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Learn WordPress
    • Support
    • Feedback
  • Log In