Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Mag Haiti by Mag Haiti
January 29, 2023
in Société
0
Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Marie Rosie Auguste Ducéna, asistan Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH) te fikse pozisyon estrikti li ye a parapò avèk zak ensekirite k ap ravaje peyi a sou radyo Magik 9, jounen jodi samdi 28 janvye 2023 a.

Selon sa manm RNDDH la fè konnen :« Rezo Nasyonal Dwa Moun panike menm jan avèk popilasyon an degradasyon sitiyasyon ensekirite peyi a, nan gwo degradasyon sitiyasyon sa ki chita kò li sou asasina, kadejak, kidnapin. Nou rannkont se polisye yo ki veritab sib sistematik bandi yo.»

Depi aprè lanmò 7 polisye nan komin Gonayiv, presizeman Lyankou, plizyè enstitisyon te reyaji parapò avèk zak asasina bandi yo sou polisye yo anndan peyi a, sa ki te mennen yon kokennchenn soulèvman atravè vil pwovens ak kapital la.

Responsab RNDDH, Marie Rosie Auguste Ducéna te ajoute pou li di :« Se nan moman pou polisye ta dwe pi fò, paske piwo otorite egzekitif la peyi a se prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la, poutan se kontrè a. Paske, bandi ak zam yo vin pi puisan, y ap aji odetriman enstitisyon polis la. Bandi yo vin pi awogan nan mòd operatwa yo.»

Bandi nan prèske nan tout kò peyi a pa sispann simen latwoublay ak koze zak kriminalite, pandan premye minis defakto Ariel Henry, poko janm ka pran okenn bon jan desizyon pou kwape yo « Depi aprè jiyè 2021, lè Ariel Henry pran tèt leta ak tit premye minis defakto, nou fè dekont anviwon 78 polisye ki mouri, sitou asasinen. Kidonk, an mwayenn 5 polisye chak mwa», selon responsab la.

Nan dènyè bilan òganizasyon dwa moun nan fè sòti, gen 14 polisye ki gentan asasinen, 2 blese ak bal epi 2 disparèt pou jiskounya :« Listwa ap kenbe yo pa te janm pwoteje lavi jenn gason ak jenn fanm nan peyi a, sitou dila yo ki te vle sèvi ak pwoteje peyi a», toujou selon asistans òganizasyon dwa moun lan.

Sou lòtbò pouvwa anplas la, pa sispann mande kominote entènasyonal yo yon sipò militè etranje pou li vin ede l konbat bandi nan peyi a, k ap vyole ak kidnape moun chak jou.

Responsab RNDDH, Marie Rosie Auguste Ducéna, te avanse pou li di :« Jodia òganis lan kwè degradasyon sitiyasyon sekirite nan peyi a, genyen yon objektif prensipal pou jistifye plan makab entèvansyon militè etranje yo. Kidonk, Lapolis se veritab doulè ak sib yo otorite nan leta a.»

Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH) kondane zak asasina k ap fèt an seri yo, sitou se pa sèlman ane sa men plizyè lòt lane anvan yo. Anplis, òganis lan pwofite senpatize avèk yo epi konprann fristrasyon yo aprè asasina kòlèg travay yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 425
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Ariel Henry garanti polisye yo y ap resi jwenn bon jan materyèl pou kwape bandi nan peyi a

Next Post

Le sous-commissariat de Pernier détruit par des bandits

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Le sous-commissariat de Pernier détruit par des bandits

Le sous-commissariat de Pernier détruit par des bandits

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,332)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?