Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Ariel Henry garanti polisye yo y ap resi jwenn bon jan materyèl pou kwape bandi nan peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
January 29, 2023
in Politique
0
Ariel Henry garanti polisye yo y ap resi jwenn bon jan materyèl pou kwape bandi nan peyi a

Nan yon adrès pou nasyon an ayè vandredi 27 janvye 2023 a, premye minis Ariel Henry bay polisye yo pawòl li pou fè yo konnen y ap ka resi jwenn bon jan materyèl yo te toujou konn ap mande yo pou konbat bandi nan peyi a. Nan menm sans sa, chèf gouvènman an mande direktè jeneral polis la, Frantz Elbé yon rapò sou denyè evenman yo ak bon propozisyon nan 24 èdtan.

Pandan adrès pou nasyon sa a, chèf gouvènman an fè konnen li menm ak tout gouvènman li an ap travay pou jwenn solisyon ak ensekirite a ki manyen manm menm polisye yo, epi li te tou bay direktè jeneral lapolis la, Frantz Elbé 24 èdtan pou bal rapò sou lanmò 4 polisye ki te mouri nan metivye, komin Petyon vil, epi 6 sila yo prezime bandi savyen te etènn souf yo mèkredi 25 janvye pase a.

“Prensipal revandikasyon polisye ak polisyè nou yo ki pran lari se ba yo bon jan mwayen pou yo Konbat move zangi. Nou vle kwè kout men nou mande a ap resi rive vrèman” daprè sa premye minis lan te deklare.

Nan yon lòt bò menm jan anpil moun t ap tann li, premye minis lan resi pale sou dosye polisye yo ki pa sispann tonbe anba bal bandi pou komansman ane a.

“Nan moman difisil sa kote anpil fanmi gen dlo nan je n ap kanpe djanm, n ap mare ren nou e n ap di annavan, m ap di nou fò nou pa tronpe nou sou advèsè n, fò nou pa bat sak pay la pou bourik la. Nou pap kite bandi tout plim tout plimay simen divizyon nan mitan nou, gouvènman m ap dirije pou yon ti bout tan an ak lapolis n ap mache tèt kole pou pou tabli meyè kondisyon lavi nan peyi a”, se sa chèf gouvènman an soulinye pandan l te tou profite fè konnen nan wikenn lan l ap gen yon konsèy minis toujou nan kad pou diskite sitiyasyon polisye nou yo ap travèse pou moman an.

N ap raple premye minis lan te dwe pale depi jedi 26 janvye pase a, men sa pa t rive fèt akòz gwo mouvman pwotestasyon polisye yo te tanmen nan preske tout vil peyi a akòz zak ansasinay polisye parèy yo nan Lyankou ak nan Metivye, sa ki te mennen tou mouvman douvan ayeropò Tousen Louvèti a kote yo t al resevwa chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la(CSPN).

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 393
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Direktè Lapolis la lanse yon operasyon ki rele “Tònad 1” pou bay bandi repons

Next Post

Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,041)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,807)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,873)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?