Anbasad amerikèn nan peyi Dayiti deside vin pran sitwayen li yo depi ayè samdi 9 mas la akòz sitiyasyon vyolans gang yo ki ap ogmante plis toujou. Sòlda ameriken sa yo, debake nan plizyè elikoptè kote byen bonè maten an y ap pran sitwayen yo pou ale ak yo.
“Ogmantasyon vyolans gang yo nan anviwon anbasad amerikèn nan ak ayopò a pouse Depatman Deta pran dispozisyon pou kèk lòt anplwaye anbasad la kite peyi a. Tout moun k ap vini ak tout sa ki prale yo se anplwaye gouvènman ameriken an”, selon enfòmasyon anbasad amerikèn pibliye sou paj li fesbouk li.
Pi lwen yo fè konprann, depatman Deta Ameriken an ap toujou pran mezi ki adapte pou tout anbasad ak konsila yo genyen atravè mond lan. Se sa k fè yo presize yo fè sa se “selon misyon epi kondisyon sekirite ak sanitè nan peyi kote yo ye a“, paske pi gwo priyorite yo se sekirite sitwayen ameriken ki aletranje yo, toujou daprè sa yo di nan nòt yo a.
Malgre peyi Etazini ap gade kòman li ka ede peyi Dayiti sòti nan kriz ensekirite a, pandanstan li pwofite mennen yon operasyon pou li sekirize batiman anbasad ameriken ki nan peyi a. Y ap fè sa se, se parapò avèk demann depatman Deta : «operasyon sila mennen sou demann depatman Deta a», selon sa US Southem Command, fè konnen nan jounal Miami Herald. Ki fè tout moun konnen se rezon sa ki fè abitan nan Taba ak nan anviwon yo tande bri elikoptè anlè a.
“Transpò ayeryen pou pran moun anndan ak deyò anbasad, li konfòme l avèk pratik abitid nou yo pou ranfòse sekirite anbasad nou atravè tout mond lan», pou avanse jounal Miami Herald ki pale sou dosye sa tou.
Boutofen, anbasad la avanse nan nòt li a, pou di malgre y ap sekirize anbasad ameriken an ak pèsonèl yo genyen yo, yo mansyone espas la ap toujou rete louvri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024