Gwoupman ki gen ladan l Fanmi Lavalas, akò Montana, sektè prive ak relijye yo, Sendika epi dyaspora yo adrese yon lèt ayè samdi 9 mas 2024 la, bay Kominote Karayib la (CARICOM) parapò avèk kriz miltinasyonal la. Nan lèt sa, yo mande yon modèl gouvènman tranzisyon pou yon peryòd 18 ak 24 mwa. Tout sa se nan lide pou pèmèt yon pi bon konsansis politik.
“Nou reprezante prensipal sektè politik, sivil ak prive, enstitisyon relijye yo epi dyaspora yo. Nou fòme tèt nou ansanm pa antanke alyans, men kòm yon fòs ki gen depi 2 lane ap mennen epi patisipe nan plizyè konsiltasyon ant diferan sektè ak alyans pou fasilite avèk CARICOM epi antite entènasyonal pou antre plizyè lòt negosyasyon akò presizeman akò 11 Septanm 2021, akò 21 Desanm 2022, akò 30 Dawout oubyen akò Montana, elatriye“, daprè sa yo di.
Pati ki fè pwopozisyon pou rezoud kriz la fè sa se parapò avèk premye minis defakto Ariel Henry, ki bloke lòtbò dlo depi anviwon 8 jou, e yo di sa konsa: ‹‹Demisyon Premye minis defakto Ariel Henry rive nan bout li», pandan yo kontinye pou di nan lèt la «Peyi a ap fè fas avèk yon ekstrèm ijans parapò avèk sitiyasyon aktyèl la epi vid enstitisyonèl ki genyen akòz pouvwa anplas la, anplis monte an puisans gang yo ki kenbe peyi a an otaj la, kidonk nou avèk kouraj, angajman epi lit n ap mennen san rete nan lide pou n jwenn yon solisyon ayisyen avèk kriz la, nou reyini pou elabore yon pwojè ak konpwomi epi rezonman ak operasyonèl pou pèmèt nou remete peyi a sou ray epi reprann diyite l pandan n ap retabli lòd enstitisyonèl k ap pase parapò yon pouvwa 2 tèt nan tranzisyon an, konsansyèl, enklizif, reprezantan majorite aktè politik, sivik, relijye epi ekonomik enpòtan nan peyi a».
Manm konsèy tranzisyon sila yo pral fèt avèk sektè epi moun alyans yo, tankou kolektif pati politik 30 janvye, akò 30 Dawout 2021, akò Montana, Pati Fanmi Lavalas, Sektè prive enstitisyonèl epi enstitisyon relijye yo. Alòske desizyon sila yo pral pran atravè yon konsansis, kote majorite manm yo ak prezidan an pral chanje chak 3 mwa, pandan yo entèdi yo patisipe nan pwochèn eleksyon ki pral gen pou òganize yo.
Daprè yo menm men kòman kritè nominasyon yo pral fèt nan manm konsèy la: «Selon pwopoziysyon nou voye bay CARICOM nan, moun ki pral deside fè pati ekstrikti sa li pap yon dirijan okenn pati politik ni prezante okenn eleksyon, li pa dwe janm enkilpe nan okenn enfraksyon penal oubyen sanksyone pou fwod oubyen koripsyon, li pa dwe janm asosye avèk krim finansye ni krim touye moun, ni li pa te janm soutni zak vyolans nan peyi a.
Pou sa ki gade chwa premye minis la, toujou nan kad pwopozisyon divès sektè politik ak lòt nan peyi a, premye minis sila pral chwazi apati 3 non k ap pwopoze selon pati ki konsène yo, men premye minis sila pa pral gen pou li patisipe nan eleksyon yo tou, toujou daprè presizyon ki fèt nan lèt la.
Men kòman gouvènman an ap fòme, sinyatè akò yo fè konnen gouvènman an pral fèt nan fason enklizif ak san patizan, ki pral chwazi atravè premye minis la epi an konsètasyon avèk konsèy prezidansyèl an konsiltasyon avèk pati konsène nan konsansis laj la, avèk yon dat final, pou byen ekilibre reprezantan yo epi efikasite li. Pandanstan, yo fè konnen gen posibilite pou yo entegre manm nan gouvènman Ariel Henry a, men ki reponn avèk kritè moralite, entègrite ak konpetans.
Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a li menm, pral rive fèt apati jan akò 21 Desanm nan te anvizaje, fòme KEP sou baz lespri konstitisyon 1987 nan yon pwosesis elektoral k ap abouti nan 18 ak 24 mwa, se sa yo fè konprann.
Yon ògann kontwòl tranzisyon(KT)
Pou asire endepandans 3 pouvwa yo (Gouvènman, KT, jidisyè) ak yon ògann kontwòl (OCAG) ki ap gen reprezantan divès òganizasyon sosyete sivil la ak divès asosyasyon sosyal ak pwofesyonèl ki siyen dokiman k ap kreye. Estrikti sila pral travay avèk Kou Siperyè Dèkont ak Kontansye Admini
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024