Yon sitwayen fransè ki pote non Noé ta touye ayè madi 25 desanm 2023 a, madanm li ki se yon ayisyen ak 4 pitit yo te genyen. Selon jounal Le Parisien ki site otorite fransè yo, aksyon sila pase lakay fanmi an menm nan zòn Meaux(Seine-et-Marne), kote yo fè konprann se ak plizyè kout kouto akize a ta rive touye madanm li ak tout pitit li yo.
Selon detay laprès nan peyi Lafrans bay yo, fanmi an te gen ladan l papa a ki se yon fransè ki gen 33 lane, avèk manman an yon ayisyen ki gen 35 lane, 2 pitit fi ak 2 pitit gason ki te genyen youn aprè lòt 10, 7, 4 lane epi 9 mwa. Jounal Le Parisien fè konnen 2 moun yo gen 14 lane depi yo te ansanm, men li di yo te marye nan mwa oktòb 2023 a.
Daprè enfòmasyon pwokirè vil la, Jean Baptiste Bladier bay, Noé rive touye moun yo avèk anpil vyolans. Li eksplike pou di, mesye a te itilize kouto pou retire lavi madanm nan yo konnen sou non Béatrice ak 2 pitit fi yo, tandiske pou 2 pitit gason li yo, yo pa jwenn menm yon ti kras mak san sou yo.
“Kò twa fanm yo ki se manman fanmi an ak 2 pitit fi ki gen laj 10 ak 7 lane te montre tras plizyè kout kouto devan, nan do, nan pati lestomak yo, nan manm enferyè yo, gen ti blese kòm moun ki t ap defann yo tou. Ti gason 4 lane a ak bebe 9 mwa a nou pa jwenn yo blese sa ki pouse nou pou n di se petèt nwaye oubyen toufe l toufe yo“, toujou selon majistra zòn nan ki anonse depi demen mèkredi a ta dwe gen analiz ki fèt sou kò 2 ti gason yo pou konnen ak kisa yo mouri, nan enstiti mediko-legal vil Pari.
Nan menm kad dosye sa, pwokirè a kontinye pou di sekouris yo te jwenn anpil klinèks ak sopalen ki te gen tras san, sa ki ta vle di gen yon moun ki te sèvi ak yo pou siye men l aprè zak la.
Pou kounya, premye chèf lokalite a fè konnen lapolis rive arete jodi madi 26 desanm nan, prezime asasen an nan yon zòn ki rele Sevran(Seine-Saint-Denis), men yo mansyone Noé ta twouve l nan yon lopital pou moman an paske yo fè konnen li gen kèk blese nan men l. Pandantan sa, lapolis fè kwè nan lane 2019, Noé te agrese pou yon premye fwa madanm li, men li pa t gen okenn aksyon lajistis ki te tanmen kont li, puiske yo di madanm nan pa te janm pote plent.
Se pou sa, yo mansyone nan operasyon yo mennen lakay fanmi an aprè krim nan, yo te rive jwenn kèk papye ak òdonans medsen ki montre sitwayen an ta yon moun ki gen twoub depresif ak sikotik depi nan lane 2017.
Nan sa ki gen pou wè ak feminisid, kolektif feminisid moun ki marye oubyen moun ki kite nan peyi Lafrans fè konnen jodi a, lanmò fanm ayisyen sa nan peyi yo a fè yo anrejistre 102èm ka feminisid pou sèlman ane 2023 a. N ap soulinye, lalwa nan peyi Lafrans nan kad yon moun ki touye ak pwòp volonte l timoun 15 lane ak sa ki touye madanm/mari yo ta dwe kondane pou pase rès vi yo nan prizon.
Men nan ka Noé a, majistra Jean-Baptiste Bladier di konsa li posib pou gen 2 aksyon ki tanmen kont akize a. Premye a se, pou l ta pase 30 lane nan prizon oubyen pou yo ta pwononse kèk mezi kont li, men jis kounya pwokirè a fè konnen anyen poko deside vre pou konn ki santans ki ap ret tann sitwayen fransè a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023