Nan bilan yo fè pou ane sa ki pibliye jodi Madi 26 desanm 2023 a, Asosiyasyon Pwopriyetè Chofè Dayiti yo(APCH), fè konnen gen 23 Chofè ak 79 pasaje ki rive pèdi lavi yo akòz ensekirite a nan peyi a. Pami chif sa yo, asosiyasyon an fè kwè prezime bandi yo aprè yo finn touye moun yo, yo menm rive boule kadav 6 chofè epi 31 pasaje ladan yo.
Kontrèman ak ane 2022 a, kote yo te anrejistre 15 chofè nèg ak zam te retire lavi yo epi boule yo tou vivan, ane sa bilan APCH la montre yon lòt fwa ankò kijan ensekirite a kontinye ap frape sektè transpò a nan peyi a. Konsa, pou ane 2023 a, responsab yo di konsa yo jwenn gen 23 Chofè ki mouri kote gen 6 nan yo nèg ak zam boule. Pou pasaje yo, yo soulinye gen 79 ki mouri epi gen 31 nan yo kò yo pase anba flanm dife.
Toujou nan menm dosye sa, yo fè konnen tou gen 5 chofè transpò piblik ki sòti blese ak bal, alòske yo jwenn gen 182 pasajè yo menm tou ki blese nan divès zòn tankou Bonrepo, Kanaran, Gwomòn elatriye. Pou sa ki konsène sila yo endividi ak zam kidnape nan sektè a, asosiyasyon an revele gen 382 pasajè antou yo kidnape pou ane a.
Konsa tou, gen anviwon 146 machin endividi yo detounen ak machandiz epi ak moun ladan yo. Selon presizyon responsab yo divès zak nou sot site la yo rive anrejistre nan zòn tankou Sousmatla, Malik, Tòsèl, Matisan, Lyankou, Maryani, Kanaran, Mòn Kabrit ak lòt toujou.