Nan yon nòt pati UNIR/INI mete deyò jodi dimanch 5 me 2024 la, yo di jan sa fè yo mal dèske divès pati politik ak manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an manke responsab. Daprè yo, sa k entèrese moun sa yo se batay pou enterè yo ak fè klan.
« INI konstate ak anpil lapèn elit politik ak ekonomik yo refize travay ansanm, men okontrè y ap batay pandan lavi chè a, mizè epi gang ak zam ap kontinye fè pèp la monte syèl pa do», daprè nòt Pati politik UNIR/INI an.
Estrikti politik sila pwofite denonse ak tout fòs li move konpòtman manm pati politik yo ak aktè yo epi tout sektè ki vle simen divizyon nan mitan konsèy la pou enterè yo. Se pou sa yo di “divizyon se pwazon k ap tiye lespwa yon demen miyò ak inite nan mitan pèp la. Divizyon ap louvri bay etranje kontwole afè nou epi mete pye sou kou nou”.
« Pati UNIR/INI sezi wè aprè konsansis plizyè sektè ak pati politik siyen pou mete kanpe sou pye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon, kouman manm konsèy la ki fenk enstale a gentan ap goumen ant yo menm olye yo travay prese prese pou soulaje soufrans popilasyon an», daprè sa yo ajoute.
Pou fini, responsab yo mande pou aktè politik yo respekte Akò 3 avril 2024 la, ki te siyen avèk divès pati politik epi Sosyete Sivil la. Yo vle tou, pou konseye Konsèy prezidansyèl yo kontinye travay ansanm pou ka ranpli devwa sitwayen yo ak peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024