Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Lapolis la gen lòd pou arete tout prizonye ki te sove kite prizon dènye jou sa yo

Mag Haiti by Mag Haiti
May 6, 2024
in Société
0
Lapolis la gen lòd pou arete tout prizonye ki te sove kite prizon dènye jou sa yo

Nan yon nòt ki sòti jodi lendi 6 me 2024 la, responsab yo nan lapolis la anonse y ap chache arete tout prizonye ki te sove kite prizon nan mwa mas ak avril la. Se pou sa a, yo mande pou popilasyon an pa kenbe okenn prizonye nan zòn yo san yo pa denonse yo, puiske yo fè konprann endividi sa yo reprezante gwo danje pou sosyete a.

«Kòmandan an Chèf PNH la pase plizyè inite ak direksyon depatemental nan Polis la lòd fòmel pou trake epi remete nan plas yo tout endividi ki ta sove nan plizyè prizon tankou Penitansye Nasyonal, Prizon Kwadèboukè, Kabarè, Pòdepè nan moman envazyon yo», daprè sa yo ekri.

Yon lòt kote, responsab yo soulinye desizyon sa a pran se aprè reyinyon ki te genyen dimanch 5 me a, kote yo te diskite sou kijan yo kapab mete plis sekirite nan sant kaseral yo.

Se pou sa a, depi kounye a menm responsab lapolis yo fè tout moun konnen yo lanse gwo operasyon pou kenbe tout prizonye sa yo, kèlkeswa kote yo ta twouve yo a. Men tou, pou kapab reyisi nan aksyon sa a, yo mande kolaborasyon popilasyon an puiske yo di: «zafè sekirite a se zafè tout sitwayen konsekan, se sèl nan yon kolaborasyon Polis ak popilasyon n ap rive konbat tout zak banditis nan peyi a».

Pou kounye a la, PNH la bay yon lis 98 prizonye ki te sove kite Penitansye, prizon Kwadèboukè a ak prizon sivil Pòdepè a. N ap soulinye nan lis sa a, Ezéchiel Alexandre alyas Ze ak tout Albert Steevenson alyas Djouma se 2 manm gang danje lapolis la di l ap chache tou. Pandan tan sa a, pa twò lontan « Ze» repran kontwòl Kafoufèy aprè l te fin chape poul li nan Penitansye.

N ap fè konnen, 3 mwa aprè 2 pi gwo prizon peyi a te kraze poko janm gen yon bilan ofisyèl ki bay pou di men konbyen prizonye ki deyò. Poutan, selon estimasyon Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) gen plis pase 4 600 prizonye ki te chape poul yo nan lannuit 2 mas la, mete sou sa a komisè gouvènman Pòdepè a, Jéir Pierre, fè konnen gen 8 lòt prizonye ki sove nan prizon Pòdepè a vandredi 2 me 2024 la.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 619
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

UNIR deklare pati politik yo ak manm konsèy la manke pran responsablite yo

Next Post

José Raúl Mulino se nouvo prezidan Panama

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
José Raúl Mulino se nouvo prezidan Panama

José Raúl Mulino se nouvo prezidan Panama

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,039)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,807)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,873)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?