Nan yon kominike òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, lasyans epi Lakilti (Unesco) pibliye jounen jodi mèkredi 3 avril 2024 la, yo kondane zak piyaj, vòl ak boule kay gang yo fè sou kèk enstitisyon piblik, pami yo nou ka idantifye Lekòl Nòmal Siperyè (Ens) ak lekòl Nasyonal Atizay (Enarts) ansanm ak divès lòt enstitisyon edikatif epi kiltirèl nan peyi a.
«Òganizasyon entènasyonal la raple nou lekòl Nasyonal Atizay (Enarts), se yon sant ansèyman atistik ki la pou epanouyi atis yo epi mete limyè sou zèv atistik Ayisyen yo atravè mond lan, pandan l ap asire yon fòmasyon klasik ak atistik nan kalite. Anplis, enstitisyon Lekòl Nòmal Siperyè a se poto mitan sistèm edikatif la, li se pi ansyen enstitisyon k ap fòme pwofesè nan peyi a», Se sa UNESCO fè konprann nan yon kominike.
Vyolans gang atravè peyi a pa sispann fè espas inivèsite Leta d Ayiti (ILA) mal, sitou divès fakilte ki gentan touche anba zak maspinay bandi, pou n site sa yo: Fakilte Syans (FDS), Fakilte Agwonomi ak Medsin veterinè (FAMV) epi plizyè lòt enstitisyon piblik ak prive. Pandan tan sa a, kèk zak piyaj ak anvayisman bandi ak zam fè sou espas yo, plis zak kidnapin ak vyòl ki fèt sou élèv ak etidyan yo lakoz gwo pwoblèm anndan espas akademik la.
UNESCO kontinye pou raple edikasyon se yon dwa fondamantal puiske li gen pou misyon sòti jenn fanm ak jenn gason nan povrete, redui inegalite nan sosyete a epi asire devlopman pou lontan nan peyi a. Pou li, edikasyon se yon dwa sakre ki enskri nan manman lwa peyi d Ayiti, e li menm ratifye tou nan konvansyon entènasyonal la sa vle di nan Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan atik 26 ak 29 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024