Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

ULCC mande lajistis mare plizyè fonksyonè APN Senmak la pou gwo zak koripsyon

Mag Haiti by Mag Haiti
November 27, 2023
in Justice
0
ULCC mande lajistis mare plizyè fonksyonè APN Senmak la pou gwo zak koripsyon

Nan ankèt Inite lit Kont Koripsyon (ULCC) t ap mennen sou fason responsab Otorite Potyè Nasyonal (APN) nan Senmak yo t ap fonksyone, yo fè konnen sòti oktòb 2017 pou rive septanm 2021, gen move lajan ki fèt nan zafè lwe espas pou met machin pou enstitisyon an. Selon ULCC, nan 11 espas APN lwe yo, gen 4 nan yo se nan men menm fonksyonè k ap travay anndan APN yo enstitisyon an lwe espas yo.

Daprè anketè yo sòti oktòb 2017 rive septanm 2021, APN ki nan Senmak la gen 11 kote yo lwe pou met machin. Selon presizyon yo, nan 11 espas sa yo gen yon grenn sèlman ki pou leta, aprèsa rès yo se moun k ap travay nan enstitisyon melanje ak lòt moun ki lwe leta teren yo. Men, jouskounya se grenn pa leta a plis 3 lòt teren k ap sèvi.

Pami non ULCC site yo nou jwenn Garage RGA Terminal ki gen nan tèt li Gregois Valcin ki se administratè Inite Pò Kabotaj(UPC) ak Jhon Alténor ki li menm se kòdonatè Direksyon Jeneral APN. Genyen tou, Garage Marc Donald Terminal ak Chilet Terminal se Karl-Henri Doriélan ki mèt yo pandan l se moun ki jere kès nan UPC tou.

Anplis, yo fè konnen pa gen youn nan kontra lokasyon yo ki respekte règleman ki etabli yo. Men tou, yo soulinye nan tout moun ki lwe APN teren yo se sèlman Karl-Henri Doriélan ki gen bon jan prèv pou di espas li lwe a se pou li tout bon, aprèsa tout lòt yo se lajan, anketè yo di, y ap fè ak tè lòt moun.

Yo idantifye Lenor Exantus kòm youn nan moun sa yo ki lwe Sympa Terminal sòti premye fevriye 2021 pou te rive premye fevriye 2026, san otorizasyon mèt li(Volny Paultre). Selon detay yo, kontra li menm ak APN nan te siyen pou 50 mil dola, men l te gen pou bay mèt tè a 25 mil dola vèt. Konsa, yo soulinye li fè pou kont pa l 20 mil dola ameriken sou pwopriyetè a san bay plis enfòmasyon sou kibò rès lajan an ta fè.

Yon lòt kote pou montre move administrasyon ki gen anndan APN ak UPC, ULCC di konsa, responsab yo te pran plezi yo nan peye teren yo lajan nan men epi an dola vèt, alòske atik 77 arete 16 fevriye 2005 la, di nwa sou blan tout lajan k ap peye kèlkeswa bagay li ye a dwe fèt sou kont bankè oubyen ak chèk. Tandiske, sikilè #029 Bank Repiblik Dayiti (BRH) ki te pibliye 30 avril 2014, fè obligasyon pou tout enstitisyon piblik ki gen kontra ki siyen yo peye an goud.

“sòti oktòb 2017 pou rive septanm 2021, APN Senmak la te peye 576 500.00 dola vèt lajan nan men. Sa se yon vyolasyon sou tèks nou di an e li fè trezò piblik pèdi 57 650.00 dola ameriken lajan sa reprezante 10% nan 576 500.00 yo te bay pou espas sa yo“, selon detay rapò a bay.

Pi lwen, yo revele gen pwopriyetè ki te pwofite monte pri lokasyon a pou nenpòt 25 % parapò ak pri ki te dwe bay yo. Ajan Inite lit Kont Koripsyon yo di yo jwenn gen pwopriyetè 2 teren ki te deside monte pri lokasyon an san okenn eksplikasyon.

“Aprè tout sa yo nou jwenn nan ankèt la, komisyon ankèt la mande pou aksyon piblik mete kont ansyen direktè APN Senmak la Nola Marius pou abi fonksyon, konplisite l nan pran enterè ilegal menm jan lalwa 12 mas 2014 la di l la nan atik 5.5 li a. Li mande tou pou lajistis mache pran aktyèl administratè APN Senmak la, Grégois Valcin moun ki jere kès nan UPC, Karl-Henri Doriélan ak kòdonatè direksyon jeneral APN nan Jhon Alténor dèske yo pran enterè ilegal sa lalwa 12 mas 2014 la kondane nan atik 5.13 li a”, daprè rekòmandasyon yo fè.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,774
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

“Defile Akwifè” yon chèn mo Ti Powèt chwazi pou denonse sitiyasyon difisil peyi Dayiti

Next Post

Stéphanie Mondestin libérée sous les ordres du commissaire du gouvernement

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Stéphanie Mondestin libérée sous les ordres du commissaire du gouvernement

Stéphanie Mondestin libérée sous les ordres du commissaire du gouvernement

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,421)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,905)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,010)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,804)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?