Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Culture Littérature

“Defile Akwifè” yon chèn mo Ti Powèt chwazi pou denonse sitiyasyon difisil peyi Dayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
November 27, 2023
in Littérature
0
“Defile Akwifè” yon chèn mo Ti Powèt chwazi pou denonse sitiyasyon difisil peyi Dayiti

Nan sousi pou denonse nan fason pa l tout pwoblèm ki nan sosyete nou an, Powèt ayisyen an kèk moun konnen sou non Ti Powèt anonse l ap sòti premye zèv li “Defile Akwifè“, nan dat 2 desanm k ap vini la nan lakou Miyami. Otèz la nan diskisyon li te gen ak Mag Haïti, fè konnen li trete divès sijè nan rekèy sila pami yo nou jwenn koripsyon, analfabetizasyon, pwoteksyon timoun yo, elatriye.

Ti Powèt pote non Ninia Bien-aimé, li se yon jèn ekriven, powèt, kreyatè kontni, manm fondatè ak Sekretè Jeneral Mèb Sèvo (Klèb Lekti), li sòti deja 3 tèks nan 3 antoloji nan peyi End, anba banyè Spectrum of Thoughts. Poutan, malgre li sòti tèks sa yo, li li pot ko janm pran desizyon pou sòti yon liv se pou sa li eksplike nou jounen jodi a li resi pran desizyon sa se pou l kapab make karyè li.

“Defile Akwifè se yon koleksyon ki te ekri depi byen lontan sa, se tèks yo mwen senpleman seleksyone epi m ajoute de twa lòt ki bay rekèy la. Se nan echanj mwen ak manman m mwen te jije l bon vre pou m te gen yon liv ki pibliye, sòti Defile Akwifè se tout yon defi“, daprè sa ekriven an fè nou konnen.

Nan lide pou chache konn poukisa powèt la te chwazi yon tit konsa pou bay liv li a, li fè nou konprann li ka gen plizyè sans. E pami tout sa li te konfye nou yo, li te plis peze nan yon bò sou move sitiyasyon peyi a, epi sou omaj ak pèsonaj istorik Defilée La Folle epi tout fanm k ap fè jefò pou kenbe djanm nan sosyete a.

“Akwifè se yon wòch pèmeyab ki kapab transmèt dlo anba tè. Lè m te fè fas ak imaj la nan rechèch mwen egzakteman jan wòch sa te kenbe dlo a te ban m aspè kò yon fanm ak tout sa sosyete a plante anba po l. Tit liv la reprezante yon seri pwoblèm( analfabetis, koripsyon, Madan Sara yo, pwoteksyon timoun, lanmou ak lanmò, sante mantal), ak enjistis ki pase nan sosyete a. Kidonk, non an se yon kòmantè, yon sitasyon poukont li sou tout sa n ap viv nan tout pwogram defile lavi nou“, toujou daprè eksplikasyon l.

Ak “Defile Akfwifè” Ti Powèt konfye nou li espere sou pwen sosyal pou zèv sa kapab genyen yon enpak ki pozitif sou kominote a, pote kèk pwopozisyon epi kontinye fè gwo refleksyon sou pwoblèm yo nan sosyete a.

Pandantan sa, Ninia Bien-aimé fè tout moun konnen li gen divès lòt pwojè tou, men pou kounya li bay tout moun randevou 2 desanm 2023 sa, nan lakou Miyami(Randy’s Restaurant & Lounge) pou premye vant ak siyati liv li a ki pibliye lakay Rasin Éditions, ki gen nan tèt li Romy Jean François.

Achille Marie Mika

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,747
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Meri Wanament : ULCC mande pou lajistis mare Luma Demetrius ak plizyè lòt responsab

Next Post

ULCC mande lajistis mare plizyè fonksyonè APN Senmak la pou gwo zak koripsyon

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
ULCC mande lajistis mare plizyè fonksyonè APN Senmak la pou gwo zak koripsyon

ULCC mande lajistis mare plizyè fonksyonè APN Senmak la pou gwo zak koripsyon

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,332)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?