• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Économie

Tout espwa fè lajan ak platfòm CQR fè vwèl pou peyi san chapo jodi jedi a

La rédaction by La rédaction
21 April 2023
in Économie, Société
0
Tout espwa fè lajan ak platfòm CQR fè vwèl pou peyi san chapo jodi jedi a

Sou tout rezo sosyal yo byen bonè nan maten jedi 20 avril 2023 a, nouvèl sit platfòm Cryptocurrency Quant Robot(CQR) a ki pa fonksyone a bay gwo sezisman akòz gwo lajan moun ki enskri yo te konn envesti nan platfòm sila a.

Maxime se youn nan moun sa yo ki te enskri nan platfòm nan sa gen 3 mwa, li eksplike Mag Haïti se ak anpil kè sote ak dezolasyon li aprann nouvèl la. Poutan, li fè konnen nouvèl la te soufle jwenn li depi nan mèkredi swa, li pral konfime sa nan blòk 10è nan maten kote l pat ka antre sou sit la pou l te ranpli 10 tach yo egzije pa jou a.

Viktim lan rakonte nou li pèdi prèske tout envestisman li te fè yo, li sèlman te fè yon retrè 35 dola vèt sèlman. Aprèsa ni kòb premye envestisman an, ni dezyèm nan ak tout 3yèm lan tout pèdi(70 dola ameriken pou chak envestisman), mete sou sa li te gen pou l touche yon (270 dola vèt) kòb sòl demen vandredi a li pèdi l tou. Kòb sòl sa daprè sa l di nou, se toujou sou platfòm lan li t ap sanble l.

Pandan gen moun tankou Maxime k ap babye ak fè sezisman, yon jèn fi ki te nan menm platfòm sa a(li vle kenbe sekrè idantite l) eksprime kontantman l dèske li pa pami moun ki pèdi yo.

“Mwen m te pran kòb mwen ak benefis mwen. M te envesti 6000 gds m fè 19 084 GDS. Se moun ki te kite kòb yo sou platfòm nan ki viktim ak sa ki te fenk envesti yo“, daprè sa l di.

Konsa tou, gen moun ki kontan dèske yo pa t gentan envesti okenn kòb nan bagay fè lajan sa. Yon sèl diskou moun sa yo kenbe “depi kilè fè lajan te fasil konsa“, gen sila yo ki retire konfyans yo depi lè enfliyansè Wilky Toussaint te foure bouch nan dosye a sa pa gen yon semèn.

“www.cqrcqr.com mete yon bout ak koneksyon an bridsoukou”, se sa ki ekri lè w peze sou lenk CQR la. Daprè sa kèk pratikan eksplike, rezo sa pa t difisil pou w antre lajan, li te gen plizyè plan(35, 70, 210, 520, 1500, 3500 dola) ak youn nan plan sa yo lè w finn enskri w ap jis envesti nan plan w te chwazi a kote w ap ka fè lajan an epi jwenn benefis nan yon mwa. Se konsa, sa te ye pou Maxime ki te nan plan 70 dola a, ki rive fè 84 dola nan yon mwa aprè l te finn fè premye envestisman li an.

Pou sa k gen pou wè ak pousuit nan kad dosye sa a Certil Rémy ki se yon espesyalis nan domèn enfòmatik fè konprann nan yon pòs li fè sou fesbouk jodi a, si sa ta rive sit platfòm nan pa rive fonksyone ankò, pratikan yo ki ta vle pote plent pou CQR ka voye yon email pou GoDaddy, ki li menm la pou moun bay sinyal lè gen aksyon abi ki fèt tankou sa platfòm Cryptocurrency Quant Robot fè popilasyon ayisyen an.

“Voye yon imèl ak prèv mèt CQR abize nou, yo mete li la pou moun ka sinyale abi sit ki itilize platfòm yo an fè sou moun. Mèt sit la te itilize GoDaddy pou kreye li, pou li te fè sa fòk li mete bon jan enfòmasyon pèsonèl li. Enfòmasyon legal sa se sèl GoDaddy ki ka ede nou jwenn li pou pousuit legal. Depi se pou abi y ap fè suivi pou nou”.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 2,680
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

JetBlue annonce une réduction de ses vols vers Haïti

Next Post

L’OASE, une organisation d’aide sociale à l’enfance fondée par Stéphanie EZNA

La rédaction

La rédaction

Next Post
L’OASE, une organisation d’aide sociale à l’enfance fondée par Stéphanie EZNA

L'OASE, une organisation d'aide sociale à l'enfance fondée par Stéphanie EZNA

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,161)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,149)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,269)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,063)

Nouveaux Articles

  • La Grenadière Kethna Louis rejoint le club Montpellier Hérault SC en France
  • Une étudiante haïtienne décède dans un accident de voiture en République Dominicaine
  • Sérard Gasius poursuivi en justice pour avoir libéré un présumé chef de gang

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In