Jounen madi 14 fevriye 2023 a, selon yon kominike Tribinal Sanksyon Abitral (TAS) espò a, estrikti sa anile sanksyon ki te gen sou ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, Yves Jean-Bart alyas Dadou. Konsène a te akize sou plizyè zak tizonnay ak vyòl sou jenn fanm anndan sant FIFA GOL Kwadèboukè a, kote Federasyon Foutbòl la te mande li pou li pa janm patisipe nan okenn aktivite espòtif ankò akoz zak sila yo.
Nan mwa me 2020, Chanm Enstriksyon Komisyon Etik Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon te mennen yon ankèt sou prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an Yves Jean-Bart alyas Dadou, kote li te jwenn anviwon 30 viktim kont prezime koupab la.
Eskandal sa te pouse FIFA pran responsabilite l pou li sanksyone li, kòm konsekans aprè gwo revelasyon Jounalis anketè Fransè an te fè sou li, Romain Molina ki te pibliye nan Jounal britanik (THE GUARDIAN) nan dat 18 Novanm 2020.
Paralèlman, Tribinal Sanksyon Abitral (TAS) pran responsabilite li jounen jodia pou li kase sanksyon sa ki te pran kont Dadou an, akoz manke ase prèv pouki penmèt Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) pini li pou dividal akizasyon sa yo.
Alòske, 27 Janvye 2021, Yves Jean-Bart alyas Dadou te depoze yon plent pou li ale an apèl kont sanksyon sa yo te pran kont li an, soti 23 rive 25 mas 2022 kote odyans te òganize sou seyans akizasyon yo te repwoche li an devan Tribinal Sanksyon Abitral espò.
N ap raple ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen, Yves Jean-Bart alyas Dadou te pase anviwon 12 an nan tèt espò nan peyi a, aprè eskandal vyòl ak tizonnay sou timoun yo ta pral mete l deyò nan sektè a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post