Atravè yon atik Jounal Miami Herald ekri ayè mèkredi 29 mas 2023 a, li fè konnen bandi y ap itilize materyèl sofistike tankou dwon pou yo ka kidnape moun an Ayiti.
«Gang an Ayiti yo pi byen ekipe pase menm Lapolis anndan peyi a» selon medya an Florid la.
Lapolis Nasyonal Dayiti sou lòtbò pa li menm ap plenyen pou materyèl yo manke tankou elikoptè, dwon, machin blennde, elatriye. Pandanstan, bandi yo menm kontinye ap itilize mwayen ki pi sofistike pou yo aji nan fè zak malfra yo.
Medya Miami Herald rakonte kijan kidnapè yo te enfòme pandan plizyè fwa epi lokalize yon viktim avèk dwon. Yo te rate li paske viktim lan te sou yon machin BMW, men yo te finalman deplase avèk li nan yon lòt machin ki gen mak «SUV».
«Nan yon lòt zak kidnapin, atravè plizyè videyo kote li montre kidnapè yo abiye avèk inifòm lapolis pandan y ap mennen operasyon an» toujou nam medya Miami Herald rapòte nan kad atik la.
Nan menm atik sa, medya Ameriken te atire atansyon moun sou zak kidnapin 2 sitwayen Ameriken yo : Jean Nickenson Toussaint epi madanm li Abigail Toussaint, pou montre pa gen okenn moun ki an sekirite nan peyi Dayiti.
N ap raple dènyè atik Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH), te fè konnen gen omwen 277 zak kidnapin ki fèt pou kòmansman ane 2023 a, anplis se 100% kapital peyi a ki sou kontwòl gwoup gang.
Photo: Pixabay
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023