Nan yon ti tan premye minis demisyonelè a, Ariel Henry, pral konnen jounen jodi madi 19 mas 2024 la lis moun ki fè pati manm Konsèy prezidansyèl la ki pral asire tranzisyon an, selon sa jounal Radio Métronome rapòte.
«Yon konsèy minis pral kapab òganize aswè a oubyen demen pou yo kapab konnen egzakteman moun sa yo ki pral enstale vandredi pwochen an», pou ajoute radyo Métronome nan enfòmasyon sa a.
Plizyè òganizasyon politik ak sosyete sivil gentan voye non moun ki pral fè pati konsèy prezidansyèl la. Kominote Karayib la ak lòt patnè li yo te pwopoze nan kad pou rezoud kriz ensekirite ak enstabilite politik la epi òganize eleksyon nan peyi a.
N ap raple non endividi sa yo ki pral enstale nan konsèy prezidansyèl la, pandan pati politik Pitit Desalin te deside pou l pa fè pati konsèy sa.
Edgar Leblanc (Kolektif f 30 Janvye), Fritz Alphonse Jean (Akò Montana), Lesly Voltaire (Fanmi Lavalas), Marie Ghislaine Mompremier (RED/EDE/Konpwomi Istorik), Louis Gérard Gilles (Akò 21 Desanm), Laurent St. Cyr (Sektè prive) epi 2 obsèvatè yo : Jean André Raymond (Dyaspora) epi René Jean Jumeau (REN).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024