Nan yon atik jounal Listín Diario mete deyò jodi madi 19 mas 2024 la, yo revele gen 296 etranje ki gentan chape pou l yo nan divès vwayaj elikoptè dominiken fè nan peyi a. Se yon chif ki gen posiblite pou l monte plis toujou, lè n konsidere jounal la fè konnen Etazini ak Kanada mande yo èd pou kontinye retire sitwayen pa yo anndan peyi a.
“Pou kounya la, gen 174 gason, 105 fanm, 8 tifi, 8 ti gason ki gentan ale, sa ki fè yon total 296 moun”, daprè sa yo fè konprann pandan elikoptè dominiken menm pa sispann vole sou teritwa ayisyen an pou kontinye pote sekou ak divès gwo palto etranje ki te twouve yo an Ayiti.
Yon lòt kote, Ministè defans dominiken an fè konnen yo resevwa demann Etazini ak Kanada pou ede yo retire manm pèsonèl diplomatik yo gen isit yo. Pou sa, yo fè kwè peyi sa yo mande yon kout aksè ak moun k ap travay pou Sendomeng yo, ekipman pami yo avyon pou ka mennen pi bon operasyon.
Selon sa ki ekri nan yon nòt Ministè Defans yo a, gouvènman dominiken an mete yo dakò ak peyi sa yo pou kontinye retire etranje sa yo an Ayiti. Pandantan sa, yo soulinye moun ki t ap travay nan biwo Inyon Ewopeyèn yo, nan Bank mondyal, anbasad Kanada, Fon Monetè Entènasyonal Nasyonzini, anbasad Kiba, transfere an Repiblik Dominikèn.
N ap raple, Miami Herald te fè kwè yon vòl nan elikoptè sa yo nan peryòd ensekirite sa an Ayiti koute ant 10 000 ak 15 000 dola ameriken. Nan menm tan an, gen etranje ki chaje ak lajan ki menm rive peye 80 000 dola vèt pou yon grenn plas sèlman. Jistifikasyon lajan sa yo selon kèk pilòt dominiken, chita sou baz operasyon yo ki gen anpil danje, e tou difikilte konpayi yo pou jwenn otorizasyon bò kote otorite konsène yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024