Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

SDP alye pouvwa a estime gouvenman an twò fèb pou li soti peyi a nan sitiyasyon li ye a

Mag Haiti by Mag Haiti
June 22, 2022
in Politique
0
SDP alye pouvwa a estime gouvenman an twò fèb pou li soti peyi a nan sitiyasyon li ye a

Nan yon nòt ki parèt nan dat 19 jen 2022, Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) pale sou sitiyasyon peyi a ap travèse jounen jodia.

Li deklare ensekirite ak plizyè ka kidnapin k ap fèt dènye tan sa yo, sitou nan Pòtoprens pote anpil kè kase.

Sektè Demokratik Popilè (SDP ) a kontinye pou li di sitiyasyon peyi a montre ak klè :
“Eta vagabondaj leta ayisyen ” toujou selon SDP, pouvwa PHTK ak fanatik Mateli epi Jovenel yo kraze leta pandan dis (10) lane yo sot pase sou pouvwa a “.

Toujou selon menm sektè a : “Palè jistis bandi yo anvayi sou bisantnè depi kèk jou ak zak atak ki fèt sou lokal APN (Autorité Portuaire Nationale) nan mitan kapital la anba je otorite leta yo, pandan yo rete san yo pa fè anyen, montre klèman enpisans leta epi enpòtans oubyen nesesite pou premye Minis Ariel Henry kòmanse deba nasyonal la, sitou sou koze sekirite, estabilite politik, jistis epi bon jan gouvènans peyi a “.

Toujou nan menm nòt sa :
” Pou nou konbat ensekirite ak retounen sou chimen nòmal nou, gouvènman an dwe aji selon sak te deside nan akò 11 septanm 2021 an “.

Ayiti merite yon gouvènman ki djanm selon sa SDP deklare, koz gouvènman ki la twò fèb pou li chanje peyi a parapò ak peryòd difisil peyi ap konnen la.

Anplis, SDP tou pwofite pou li pote soutyen ak kondane tout atak ki fèt kont polisye yo, paske yo deja ap travay nan move kondisyon .

Nou menm SDP, nou panse se leta ki pou vini ak mezi pou konbat zak kidnapin ak ensekirite nan peyi a, puiske li se pi gwo maleng peyi a ap konnen jounen jodia.

Diplis, li ekri nan nòt la :

‘’ Sitiyasyon gang pa si pa la, se travay dis (10) lane PHTK te fè nan tet peyi a, akoz li te nan tete lang avèk kominote entènasyonal epi oligachi ki pa te janm nan enterè peyi a ‘’

li mande pou tout patriyòt yo fè yon sèl leve kanpe kont ensekirite ak kidnapin ki anpeche peyi a mache.

Yon lòt kote SDP mande pou fonksyonman jistis lan retounen byen rapid pou li chita sou respè ak dwa tout moun nan prensip egalite tout sitwayen.

Sektè Demokratik Popilè fè konen li rete fokis sou sa k ap pase anndan peyi a epi kontinye ap mande pou pwosè Petwo Karibe ak masak ki fèt nan katye popilè yo fèt.

Gouvènman an dwe òganize yon konferans nasyonal, mete jistis ak sekirite, ankouraje patisipasyon dyaspora, retou lòd demokratik epi chanjamn kondisyon lavi pèp la selon sa nòt sa di .

SDP konsyan pwoblèm palman an, CSPJ ak prezidans epi fason bagay yo chanje kounya, men li rete kwè se nan dyalòg pou solisyon sòti parapò ak kote nou ye a .

Pandan, n’ap raple SDP se youn nan alye premye minis Ariel Henry, kote li te batay pou li rete sou pouvwa aprè lanmò prezidan Jovenel, malgre ta sanble anpil nan manm Sektè Demokratik ak Popilè a genyen plizyè ministè nan men yo sou baz rekonpans ak pouvwa a, tankou Ricard Pierre ki se minis Planifikasyon jounen jodia.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,170
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Enlèvement d’une marchande de fritures à la rue Magloire Ambroise

Next Post

Yo anile bal Sweet Micky te gen pou jwe nan Boston

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yo anile bal Sweet Micky te gen pou jwe nan Boston

Yo anile bal Sweet Micky te gen pou jwe nan Boston

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,039)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,807)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,872)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?