Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Rivyè masak: Gouvènman Ariel Henry a di li kanpe bò kote pèp ayisyen an

Mag Haiti by Mag Haiti
September 15, 2023
in Politique
0
Rivyè masak: Gouvènman Ariel Henry a di li kanpe bò kote pèp ayisyen an

Nan yon kominike yo fè sòti nan lannuit jedi 14 septanm nan, ministè kominikasyon peyi a fè konnen gouvènman ayisyen an ap pran tout dispozisyon pou plèn Maribawou a jwenn dlo rivyè masak la jan sa dwe fèt la. Nan sans sa, otorite yo di y ap fè kou yo konnen pou pwoteje enterè pèp ayisyen an.

Kèk tan aprè prezidan Luis Abinader anonse yo fèmen tout fwontyè yo gen ak Ayiti yo jodi jedi a, gouvènman ayisyen an nan bò pa li ki te voye yon delegasyon pou chache rezoud kriz rivyè masak la, fè tout moun konnen y ap pran tout mezi ki genyen pou ede sitwayen ayisyen yo jwenn dlo jan yo bezwen l la nan vil Wanament.

“Gouvènman Repiblik Dayiti envite popilasyon an pou fè prèv metriz ak kalm epi li vle tout moun konnen l ap pran dispozisyon pou plèn Maribawou rive wouze kòmsadwa anba sipèvizyon Ministè Lagrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman nan tèt kole ak ministè Anviwonman”, selon sa otorite yo anonse.

Yon lòt kote pou tout mezi prekosyon, yo lanse yon apèl pou pwoteje lavi ak byen popilasyon ayisyen an ki nan chak peyi yo epi mande pou tout konvansyon entènasyonal ki siyen nan ka sa yo respekte.

Nan kad pou jistifye reyaksyon sila, responsab yo eksplike yo te pito dyalòg fèt ant reprezantan 2 peyi yo, se sa k fè yo te chwazi al rankontre otorite dominiken yo. Jouskaske daprè sa yo mansyone, prezidan dominiken an li menm vinn pran desizyon poukont li pou anonse li fèmen tout fwontyè yo pandan diskisyon yo t ap tanmen nan ministè zafè etranjè dominiken an.

Pandantan sa, gouvènman an deklare peyi a gen tout dwa l pou l eksplwate tout resous natirèl li yo. Deklarasyon sa konsène rivyè masak peyi a pataje ak Repiblik Dominikèn, ki yo menm deja fè 11 priz dlo. Nan sans sa, otorite ayisyen yo fè konprann peyi Abinader la paka anpeche peyi Dayiti pran priz dlo pa l tou.
“Ayiti gen dwa total pou l pran priz dlo selon sa akò 1929, ki siyen ant 2 peyi yo prevwa”.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 730
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Gouvènman dominiken an bay non 9 ayisyen yo entèdi antre Sendomeng

Next Post

Un officiel haïtien a-t-il le droit de restreindre l’accès à son compte sur les réseaux sociaux?

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Un officiel haïtien a-t-il le droit de restreindre l’accès à son compte sur les réseaux sociaux?

Un officiel haïtien a-t-il le droit de restreindre l'accès à son compte sur les réseaux sociaux?

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,988)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,793)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?