Pou sanksyone moun ki ta ankouraje konstriksyon kannal ki ta dwe jwenn sous li nan rivyè masak la, gouvènman dominiken an bay jodi jedi 14 septanm nan, non 9 moun yo entèdi pile teritwa yo a.
Wanick Pierre, Ardouin Zephirin, Jacques Sauveur Jean, Camiel Samson, Wideline Pierre, Jean Baptiste Bien-aimé, Luckner Désir, Jeantel Joseph ak Nader Joacéus se moun sa yo ki depi jodi a pap ka al Repiblik Dominikèn, selon Listín Diario.
Daprè enfòmasyon otorite yo bay chak pèsonalite sa yo ki rive sanksyone a gen yon wòl enpòtan yo jwe nan konstriksyon kannal la.
Wannick Pierre, Ardouin Zephirin, Jacques Sauveur Jean, Nader Joacéus, Camiel Samson otorite dominiken yo idantifye yo kòm ansyen fonksyonè Leta ki ap bay kòb nan enterè politik yo pou kannal la ka finn konstui.
Pi lwen, yo fè konprann direktè brigad sekirite zòn pwoteje ki gen rapò ak ministè anviwonman an, Jeantel Joseph li menm li ta enplike nan bay ajan sekirite ak ansyen sòlda ki pou fè brigad pou sekirize zòn travay yo ap fèt la.
Alòske, yo soulinye ansyen senatè Jean Baptiste Bien-aimé, ansyen direktris anviwonman depatman Nòdès la,
Wideline Pierre ak jounalis Luckner Désir alyas Luko Désir yo menm yo sèvi ak enfliyans yo genyen pou sipòte konstriksyon kannal la.
Mete sou kote 9 moun sa yo ki pap ka al nan peyi vwazen an, n ap raple gouvènman Luis Abinader la te deja pran desizyon lendi 11 septanm pase a, pou te kanpe pwosesis jwenn viza pou tout ayisyen.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023