Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Rapò ULCC: lajistis ayisyèn arete sekretè jeneral Sena Repiblik la pou koripsyon

Mag Haiti by Mag Haiti
May 2, 2024
in Politique
0
Rapò ULCC: lajistis ayisyèn arete sekretè jeneral Sena Repiblik la pou koripsyon

Nan kad rapò Inite Lit Kont Koripsyon(ULCC) te pibliye depi mwa novanm 2023 a, jij Merlan Belabre fè arete jodi jedi 2 me 2024 la, sekretè jeneral Sena a, Marie Nelly Verpile Boyer pou koripsyon. Arestasyon ansyen fonksyonè leta a vini tousuit aprè l te pase anviwon 3è tan ap reponn kesyon majistra a.

“Li te reponn tout kesyon jij la te poze l yo, malerezman jij la jije nesesè pou kenbe l”, daprè deklarasyon avoka l la, Me Gustin Joly ki denonse dezisyon majistra a puiske l deklare “m pa byen wè sa puiske madanm nan te sekretè jeneral apati janvye 2022 pou rive 2023, tout sa ki pase avan li te sekretè jeneral yo m pa wè rezon pou jij la kilpabilize l pa rapò avèk sa yo“.

Yon lòt kote, li soulinye kliyan li an te nonmen se vre nan lane 2022, men te rive pran fonksyon nan lane 2023. Nan peryòd sa yo senatè yo te ale, sa ki selon li menm, eksplike madanm Boyer pa t gen anyen l te ka fè kòm zak koripsyon anndan Sena a. Nan sans sa, defansè dwa moun nan fè konnen yo menm bò kote pa yo, yo pral fè sa yo konnen pou defann Marie Nelly Verpile Boyer.

Menmsi Me Gustin di li pa konn rezon egzat ki mennen jij Belabre arete kliyan li an, nan rapò ULCC a li ekri klè anketè yo te tande Marie N.Verpile kòm sekretè jeneral Sena a sou dosye fonksyonman Sena a ak sou pwosesis ki te konn pèmèt yo bay fonksyonè yo kat debi.

Selon rapò a ki site chif Bank Nasyonal Kredi(BNC), gen 1 693 moun ki te benefisye kat debi nan Sena Repiblik la sòti 2017 sou prezidans Youri Latortue. Yon lòt bò, yo te di tou yo jwenn achak fen ane yo responsab administratif yo te konn bay fonksyonè anndan an prim pèfòmans mete sou kat debi yo a. Nan lane 2022, Inite Lit Kont Koripsyon di gen anviwon 100 fonksyonè ki te jwenn prim sa.

Anplis sekretè jeneral Sena a yo te tande nan dosye sa e ki jounen jodi a twouve l nan prizon, Alande Joseph ki se kontab an chèf, Junette Charles kòdonatris sekretarya jeneral adjwen zafè administratif, Jerry Robert Figaro ki se direktè polis palmantè, Jean Romuald ki li menm se direktè resous materyèl ak entandans, epi sekretè jeneral adjwen zafè administratif, Justin Donald se lòt moun ULCC te tande nan dosye koripsyon sa a.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 638
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Inite idwometeyowolojik di gen 8 depatman ki gentan anba dlo pandan semèn nan

Next Post

MENFP pran sanksyon kont yon direktè lekòl nan Nòdès akòz vyolans sou yon elèv

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
MENFP pran sanksyon kont yon direktè lekòl nan Nòdès akòz vyolans sou yon elèv

MENFP pran sanksyon kont yon direktè lekòl nan Nòdès akòz vyolans sou yon elèv

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,763)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,149)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?