Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société Environnement

Inite idwometeyowolojik di gen 8 depatman ki gentan anba dlo pandan semèn nan

Mag Haiti by Mag Haiti
May 2, 2024
in Environnement
0
Inite idwometeyowolojik di gen 8 depatman ki gentan anba dlo pandan semèn nan

Nan yon nòt Ministè Kilti ak Kominikasyon an pibliye jodi jedi 2 me 2024 a, yo fè konnen atravè inite idwometeyowolojik peyi D Ayiti, gen yon avi inondasyon sou 8 depatman ki deja resevwa anpil lapli depi kòmansman semèn nan.

«Plizyè fenomèn meteyowolojik te deja lakòz aktivite lapli sou Ayiti. Pou jodi a, se pasaj yon zòn ba presyon nan direksyon Lès peyi Kiba ki pwovoke lapli ak loray sou rejyon Karayib la», se yo yo ekri nan nòt sila pou enfòme popilasyon an.

Selon inite idwometeyowolojik sitiyasyon gwo lapli depi ayè premye me 2024 la, lakòz 8 depatman touche tankou Grandans, Nip, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès epi Sant lan gentan touche epi menm gen inondasyon.

«Aktivite lapli yo ap kontinye jiska vandredi 3 me 2024 la. Sitiyasyon sa a lakòz inondasyon sanzatann sou plizyè depatman ki anba lapli yo», se sa responsab yo soulinye atravè Ministè Kilti ak Kominikasyon.

Pandanstan, inite idwometeyowolojik peyi D Ayiti ak direksyon jeneral pwoteksyon sivil mande avèk tout moun pran prekosyon. Alèt sila espesyalman pou moun k ap viv nan zòn riske yo, ki sitou gen inondasyon pou yo rete veyatif ak gwo menas sila.

Pou yo fini, yo eksplike se pou tout rezon sa yo, yo mete avi menas inondasyon ak glisman teren sou depatman Grandans, Nip, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès ak Sant.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 537
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis reprann kontwòl wout ki mennen nan Tèminal Vare a

Next Post

Rapò ULCC: lajistis ayisyèn arete sekretè jeneral Sena Repiblik la pou koripsyon

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Rapò ULCC: lajistis ayisyèn arete sekretè jeneral Sena Repiblik la pou koripsyon

Rapò ULCC: lajistis ayisyèn arete sekretè jeneral Sena Repiblik la pou koripsyon

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,466)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,920)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,034)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,827)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?