Nan yon dènyè nòt Anbasad Ameriken mete deyò jounen jodi madi 28 fevriye 2023 a, li fè konnen gen plis pase 60 400 sitwayen ki te sibi verifikasyon, men se plis pase 36500 sitwayen ki jwenn otorizasyon vwayaje pou peyi Etazini nan kad pwogram kondisyon Imanitè a.
Nan kad pwosesis vwayaj pwogram Humanitarian Parole Kiba, Nikaragwa, Venezyela epi Ayiti benefisye pandan 2 lane, Anbasab Etazini an Ayiti fè konnen pwogram nan ap avanse. Selon anbasad la « Pwogram sa ap mache byen, yo pa dwe pran nan manti kontrebandye yo. Nan eseye antre Etazini ilegal man, sak pral lakoz yon pwosedi depòtasyon epi yo pral pèdi opòtinite pou yo patisipe nan pwogram sa ki gen siksè.»
Plizyè Ayisyen pa sispann al fè pyès yo, sitou paspò yo nan fason pou yo ka gen chans benefisye pwogram imanitè prezidan Joe Biden mete a, nan lide pou l konbat fenomèn migrasyon ilegal ak pran kanntè pou antre nan Peyi Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023