Nan yon adrès pou nasyon an ayè dimanche 11 septanm 2022 a, premye minis Ariel Henry anonse yo pral monte pri gaz la sou mache a, nan jou ki pral vini yo. Li mande pou popilasyon an pa okipe pyès moun ki pral chofe tèt yo pou pran lari a akoz dezisyon sa a.
“Daprè sa chèf gouvènman an fè konnen nan adrès pou nasyon an, li pwomèt li menm ak gouvènman l lan ap travay nan yon ti tan tou kout pou met gaz nan ponp yo, paske yo vle pou gaz la disponib tout tan nan ponp yo nan tout peyi a”.
Premye minis lan kalifye tout moun k ap vann gaz la nan mache nwa a tankou “gwo malfektè“. Chèf leta a soulinye, “Gaz la vann pi bon mache pa rapò ak moun k ap pratike mache nwa yo, malgre leta depanse plis pase 50 milya goud pou sibvansyone gaz pou popilasyon an ka peye li nan pri nòmal la”.
Chèf gouvènman an konsidere monte pri gaz la tankou yon solisyon k ap dire, ki pral pwovoke gwo fache e li anonse gen anpil moun ki pral profite sou sa a, pou mete pèp la deyò. Pou Ariel Henry aksyon sa yo ap fèt se nan lide pou fè lajan epi bati kapital politik yo sou do pèp la, toutotan gen pwoblèm ak mobilizasyon.
Nan adrès sa a premye minis lan fè a, li te tou pwofite di popilasyon an se pa nan chire pit ni nan kraze brize n ap jwenn solisyon ak pwoblèm nou yo, ni sa pa p mete manje nan asyèt nou tou. Ariel Henry te pwofite di tou, lapolis ap arete tout moun k ap fè moze zak sa yo tankou, boule zafè moun, kraze vit machin moun, elatriye.
Chèf gouvènman an pa te bliye presize zak kidnapin yo bese, epi swete zak sa yo ap kaba nan sosyete a nan yon ti tan epi di gen nan gang yo ki deja anba men lapolis, nan konba y ap mennen pou tabli sekirite nan peyi a. Premye minis lan tou anonse fen ane a pap rive san peyi a pa kontre ak chimen eleksyon.
Nan Adrès sa a tou, chèf leta a di l ap pran angajman pou fè tout moun peye taks yo ak bòdwo yo”san pas pouki”, pandan l ap angaje li pou tout lajan taks yo byen depanse, nan objektif pou sèvi popilasyon ayisyen an. Li salye sila yo ki piblikman di y ap peye leta tout sa yo dwe yo.
Se pa premye fwa premye minis Ariel Henry ak gouvènman li an deside monte pri gaz la. N ap raple dènye fwa sa a te fèt se te nan dat madi 7 desanm 2021 an, nan yon pwen près minis ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert te bay nan rezidans ofisyèl premye minis lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022