Pòtoprens jou ki te 12 Septanm 2022 a._ Ayè dimanch lan Laprimati te anonse sou rezo sosyal yo premye minis defakto Ariel Henry, te gen pou li bay yon adrès ak Lanasyon nan lè 7 tè, nan lide pou pèp la ka konn sa k ap pase nan aparèy leta a. Aprè plizyè èd tan reta epi san li pa prezante okenn eskiz bay moun ki te chita ap tann li yo, medsen 72 an parèt byen bòzò ak pil fèy papye mal ekri vin resite leson kominote entènasyonal la voye ba nou.
Tout moun te ka santi Ariel Henry pa konfòtab nan dikte sa, paske menm li menm li paka konvenk tèt li. Nan diskou sa ki te fè 20 minit ak 17 segond, ti granmoun lan n ap te tranble tankou fèy papye, fraz yo lou nan bouch li tankou moun k ap souse piwili. Li tèlman pa te ka kenbe presyon an moun k ap fè montaj videyo te oblije nan kole pyese, rasanble ti bout fraz bout pa bout.
Si nou t ap fè yon ti rezime sou fab chwazi premye minis defakto a te vin rakonte a, nou ka di li anonse yon gwo chita pale avèk tout fòs politik yo pou yo ka jwenn yon antant pou pi byen separe gato a epi fòse pèp la antre nan eleksyon malatchon. Ariel Henry pale menm jan ak ansyen prezidan Jovenel Moise nan voye toya sou moun ki pa dakò ak li, oubyen sila yo ki te lage l nan wout. Li di politisyen yo pè ale nan eleksyon, se an gwo ponyèt yo anvi pran pouvwa sèlman. Sou pwen sa li gen rezon, depi mesyedam kowonpi sou teren yo al nan eleksyon, menm 1% moun yo p ap ka rasanble.
Premye minis defakto a anonse li pral monte pri gaz la, paske leta pa dwe kontinye ap sibvansyone li epi se moun ki gen lajan deja k ap pwofite ak sa. Li fè konnen benefis yo pral ranmase nan monte pri gaz la pral sèvi pou asistans sosyal, sitou ak moun ki nan grangou yo.
“Eske nou twouve sa nòmal pou leta bezwen lanse kèk pwogram asistans sosyal pou nou resi mobilize sèlman 3 milya goud, alòske n ap depanse plis pase 50 milya goud pou sibvansyone gaz pou moun ki ta ka peye nan pri nòmal?” Se sa premye minis lan te di pou li eseye defann pri gaz la li menm ak alye yo anvi monte a.
Repons nou pou ou Ariel Henry sou pwen sa, se koripsyon ki fè leta paka antre lajan pou fè travay li epi retire pèp la nan kras. Se paske rejim Tèt Kale a kraze tout enstitisyon kontwòl yo ki fè moun k ap travay nan leta san yon ti bout kòd nan kou yo, yo foure men yo nan kès leta a jan yo vle, paske pa gen siveyans. Si nou fè yon jan pou pa gen rakèt nan DGI, ladwann, Imigrasyon, Ministè Komès, Aryopò elatriye. Leta a t ap kapab sèvi ak lajan sa yo pou fè wout, konstrui lekòl ak lopital epi ede sa ki nan bezwen yo. Men, kòm rejim Tèt Kale a demoli tout enstitisyon yo, kòm premye minis defakto a te foure ansyen opozisyon anba vant li epi ba li kèk ministè kòm rekonpans, l ap toujou difisil pou nou jwenn lajan pou nou fè travay nou.
Al revise gwo tonton mafya yo ki gen resèt sou chak ba fè k ap antre nan peyi a, moun ki gen pousantaj sou chak sak siman, chak sak diri, moun ki gen kontwòl zwit nan lanmè a, labank k ap monte epi desann to dola ameriken an lè yo vle epi 7 fanmi k ap kontwole komès zam lan. Lè w fin pran kontwòl sa yo ou ka tounen sou rakèt nan komès gaz la. Pa pran nou pou makak, peyi a gen moun ki gen bon konprann toujou!
Nou konnen deja depi chèf isit pale de “asistans sosyal” se tiyo koripsyon an ki pral ouvè, yo pral sèvi ak menm lajan sa pou yo kraze mobilizasyon nan lari a epi grese pat politisyen visye yo. Boul nou nan men nou jwe mesyedam, sa t ap twò bèl si kouri pat gen bouke!
Pa bliye 10 desanm 2021 an, gouvènman defakto te monte pri gaz la deja, gazolin lan te 201 goud li te pase a 250 goud, dyezèl la 169 goud yo monte l a 353 (sa vle di li double epi yo mete 15 goud anplis). Menm kewozèn lan yo te mete 189 goud anplis sou li. Lè sa minis planifikasyon an ki se Ricard Pierre ki sòti andedan matris Sektè Demokratik ak Popilè a ki te fè pati ansyen opozisyon sou Jovenel la, te di yo pran desizyon sa pou jwenn lajan pou konstrui lopital ak lekòl, achte materyèl pou lapolis nasyonal la epi ede pèp la sòti nan mizè.
9 mwa aprè desizyon sa bagay la vin pi mal, nou pa bezwen prezante okenn tablo, paske rezilta yo la. Peyi a plonje pi fon nan twou e n ap kontinye plonje.
Pandan semèn ki sot pase a gen anpil ti souke kò ki fèt pasi pala pou denonse ensekite, lavi chè ak gaz ki pa gen nan ponp yo. Bilan yo lou pou semèn mobilizasyon an, pou Jakmèl sèlman gen 11 moun blese epi lapolis arete 4 moun ki te nan dechoukay nan manifestasyon 7 septanm lan.
Te gen yon van tansyon nan vil Okay, kote popilasyon an te òganize 3 jounen manifestasyon pou mande Ariel Henry rache manyòk li. Sou 3èm jounen an Vandredi 9 Septanm 2022 a, bonè nan maten yo te jwenn yon moun ki pran bal k ap naje nan san li nan lari a epi yon sèkèy ki gen yon kadav k ap bay move sant.
Nan vil jeremi te genyen 3 moun ki te rive blese anba bal epi manifestan yo dechouke 5 magazen. Nan vil Pòdpè popilasyon an akize ajan BLTS ki te louvri bal sou yo epi lakoz anviwon 3 moun blese pandan yo t ap manifeste. Vil Ench te gen gwo mobilizasyon nan lari a jou ki te 6 Septanm lan, genyen anviwon 2 moun ki te pran bal. Epi 7 septanm lan te gen plizyè manifestasyon nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan, pami youn ki te gen nan tèt li ansyen Senatè Jean Charles Moise ki kontinye ap mande manifestan yo atake bank yo.
Lapolis move kou kong, li simen gaz ak bal tankou machann ki fè likidasyon. Polisye yo depanse plis enèji pou kraze manifestasyon pase yo trake bandi, se pwoblèm sa n ap toujou genyen ak PNH la nan jan sitiyasyon sa yo paske repons yo pa janm egal.
Nou sezi wè manm Sektè Demokratik ak Popilè a, menm branch Nènel Cassy ap fè bilan manifestasyon, kòmkwa se yo ki te mobilize moun pou pran lari. Poutan, youn nan sadik sa yo pa te ka mete pwent pye yo nan lari a. Dayè selon plizyè sous, te gen kèk manifestan ki te al vizite bout André Michel lakay li. Gen temwen ki di se premye fwa yo wè politisyen konn kouri konsa, pi vit pase atlèt jamayiken an Usain Bolt.
Nou menm kote pa nou, n ap di popilasyon an ka manifeste , yo dwe manifeste pou sak fè yo mal, manifeste kont chomaj, lavi chè, ensekirite, elatriye. Men, moun yo pa dwe suiv konsèy politisyen san vizyon, san diskou ak pwojè k ap voye yo kraze brize pou yo fè kapital politik yo. Nou dwe koupe fache ak pratik vyolans lan, paske n ap eseye li depi plis pase 30 tan, li pa janm mache. Nou dwe eseye lòt fòm presyon pou nou fè leta isit mache. Sa yo fè pati jwèt demokrasi a, manifeste pandan n ap respekte dwa lòt moun yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022