Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Culture

Pòt pawòl komite kanaval Pòtoprens lan pale sou bidjè evènman an ak gwoup k ap patisipe yo

Mag Haiti by Mag Haiti
February 18, 2023
in Culture
0
Pòt pawòl komite kanaval Pòtoprens lan pale sou bidjè evènman an ak gwoup k ap patisipe yo

Nan yon entèvyou sou radyo Magik 9 jodi vandredi 17 fevriye 2023 a, Yvens Désir ki se pòt pawòl komite k ap òganize kanaval la te pale sou koze bidjè ki disponib lan. Responsab la te tou pwofite site kèk gwoup ak atis k ap sou pakou a sòti 19 pou rive 21 fevriye k ap vini la.

Kanaval la ane sa nan Pòtoprens ap fèt sou tèm “Rekonsilyasyon pou lapè“. Komite a ki gen nan tèt li Yvens Désir, gentan resevwa nan lajan ki te prevwa pou òganize kanaval la.

«Bidjè ki prevwa pou Kanaval la li evalye a 121 milyon goud pou reyisi li an gwo, men Ministè Kilti ak Kominikasyon gentan bay annatandan 15 milyon goud», selon Yvens Désir sou radyo Magik 9.

Kanaval la ap gen pou fèt 19, 20,21 fevriye sòti 10è nan maten pou rive 6è nan aswè. Desizyon sa te rive pran akoz sitiyasyon ensekirite k ap ravaje peyi a epi Blakawout k ap taye banda sa ki ap penmèt plis timoun ka patisipe ladan li.

Pòt pawòl komite k ap òganize kanaval la fè konnen genyen plizyè gwoup ak atis solo k ap patisipe nan kanaval la pami yo Kreyòl la, Tony Mix, Ti Pay, Izolan, Junior Bonheur, elatriye. Yvens Désir di gen anpil slogan ki pare.

«Pale avèk mwen, fòk nou chita ansanm epi fòk nou antann nou puiske nou souvan chita ansanm pou lòt bagay, men nou pa janm antann n pou sove peyi a», selon konsène a.

Pòt pawòl komite Kanaval Pòtoprens lan, Yvens Désir te pwofite pale de pakou evènman an. « Se pral sòti Mozole, pase ri kazenn, ri sentonore epi al fini Pòtay Leyogann.» Li tou fè konnen gen defile k ap fèt avèk chofè moto, Lapolis, anbilans nan anviwon 10è tapan epi akonpanye 15 band ak pye.

Anpil polisye gentan ap prepare yo pou y al siveye Kanaval Pòtoprens ak lòt kote ankò nan peyi an, toujou selon Yvens Désir. « N ap gen 7 sekans, tankou Sekirite, Imigrasyon, Anviwonman, Retwospeksyon sou listwa nou, elatriye. Y ap sòti atravè timoun nan katye popilè yo, yo pral an total 2500 timoun k ap gen pou pote mesaj sa pou atizan yo.»

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,847
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Tayc supprime son titre “Quand tu dors”, accusé de faire la promotion du viol

Next Post

Enlèvement de Jean T. Lorthé: RENAGSANG et Vision 2000 suspendent leurs activités

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Le journaliste Jean Thony Lorthé toujours entre les mains des ravisseurs

Enlèvement de Jean T. Lorthé: RENAGSANG et Vision 2000 suspendent leurs activités

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,988)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,793)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?