Kèk jou aprè moun Kafoufèy te deside fè manifestasyon kont zak banditis ki vize zòn yo a, nan jounen dimanch 13 dawout 2023 a, nèg ak zam gran ravin yo pat pran tan pou yo anvayi kèk zòn tou pre a. Selon sa ansyen polisye Abelson Gros Nègre di sou radyo Mega maten an, ta gen anviwon 10 moun ki mouri.
Pandan popilasyon Kafoufèy la ap tann entèvansyon lapolis depi kèk jou, jounen jodi a sitiyasyon an parèt plis konplike akòz endividi ak zam ki vle pran kontwòl tout zòn yo. Yo deja gen kontwòl plizyè zòn pami yo “Nan figye” daprè sa kèk abitan di nou.
“Gen anpil moun ki pran bal, nèg yo anvayi nou“, se deklarasyon kèk moun ki rete nan zòn nan ki di nou y ap suiv evolisyon sitiyasyon an avan menm yo deside abandone zòn nan menm jan anpil moun déjà fè sa.
Nan aswè, bandi yo te kontinye atake zòn nan sa ki te lakoz abitan zòn sa rete veyatif, kote yo te oblije bat tenèb. Kèk sitwayen fè nou konnen nèg ak zam yo ta boule plizyè kay nan zòn nan, sa ki lakoz anpil ladan yo kite kay yo. Malgre sitiyasyon sa, yo soulinye Polis Nasyonal Dayiti pa fè okenn entèvansyon.
Plizyè videyo k ap sikile sou entènèt la pa parèt diferan pa rapò ak reyalite abitan sa yo rive dekri nou y ap viv nan moman an. Pou kounya, okenn enfòmasyon pa disponib pou ta konnen konbyen moun ki blese ak bal.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023