• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Plizyè òganizasyon peyizan denonse gang yo ki pa sispann mache pran tè ti malere

La rédaction by La rédaction
19 April 2023
in Société
0
Selon DMSF sanksyon kanada pran kont pèsonalite ayisyen yo ilegal

Nan yon nòt 23 òganizasyon peyizan pibliye jodi madi 18 avril la, yo rive denonse tout responsab ki dèyè zak vyolans bandi ap fè sou pitit tè a nan objektif pou fè yo kite kay yo epi pran tè yo posede yo. Aprè tout konsta òganizasyon sa yo fè, yo fè konnen yo pran rezolisyon pou goumen kont moun sa yo kote yo vize batay pou tabli yon lòt mekanis pou sosyete nou an.

Pifò nan òganis sa yo tabli baz yo nan Papay, nan depatman Sant peyi a. Nan tout sa yo chwazi site nan nòt sa, yo rive denonse ni prezime gang k ap vòlè tè ak byen malerèz, men tou yo lonje dwèt sou gouvènman an ki malgre tout aksyon sa yo ap pase pa janm tanmen fè yon jès pou kwape zak banditis sa yo.

“Nan peyi pa nou atoufè tout plim tout plimay ap vare sou tè peyizan yo ak anpil vyolans nan plizyè depatman nan peyi a. Otorite yo rete bèbè, e souvan yo patisipe e yo kore vyolans gang yo pou mete peyizan deyò sou tè yo e nan kay yo”, daprè sa yo di.

Pi devan toujou, yo fè konprann se yon estrateji rejim PHTK a itilize yon fason pou bay konpayi transnasyonal yo plis teritwa. Yo menm rive di, rejim nan ap fè tout sa k depann bò kote yo pou eseye chanje konstitisyon 1987 la pou move zak yo ka fèt pi byen toujou. Konsa, nèg ak zam pa sispann mache pran tè nan tout rakwen peyi a, patikilyèman nan depatman Lwès, Nòdwès, Nòdès, Latibonit, ak nan Sant, selon sa yo soulinye.

Nan yon bò, yo rive denonse gouvènman an nan plizyè fasèt, tankou kontra ki ta siyen ankachèt pou fè kado yon pati nan teritwa nasyonal la, akò 21 desanm nan ki se yon lòt fas pou twouble vijilans pèp la. Yo lonje dwèt yo tou, sou enstans entènasyonal ki rele “Core Group” la, ki daprè yo menm, pèmèt prezime bandi jwenn zam ak bal pou montre nivo enfliyans yo nan peyi a kote pa gen pyès moun ki ka mennen aksyon kont yo.

Yon lòt bò, yo pran rezolisyon pou batay kont fenomèn vòlè tè sa, pou tout peyizan ka jui dwa pou yo plante alèz. Nan sans sa, yo anonse yo pral mete sou pye divès estrikti pou rekanpe mouvman sosyal yo, kote y ap tanmen defann dwa peyizan yo epi antre nan batay pou chanje peyi a.

Pou lis òganizasyon ki siyen nòt sa genyen: PAPDA, Tèt Kole, MPNKP, KROS, Rezò Nò ak Nòdès, Brigad Desalin, CELG, Kay la, APFAM, Remanbre Ayiti, MJH, RNDDH, PFL, MODEP, Petrochalenger Hinche, ANC(Rep dominikèn), MOPS, PLAODA, Ti plantè, Rezo Agwoekolojik, ak MPP.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 708
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Leta Dominiken di imigrasyon pou arete 39 Ayisyen ki sanksyone yo si yo antre nan peyi a

Next Post

Grevdaly Colas, un visionnaire de la mode qui vient du Nord

La rédaction

La rédaction

Next Post
Grevdaly Colas, un visionnaire de la mode qui vient du Nord

Grevdaly Colas, un visionnaire de la mode qui vient du Nord

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,462)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,242)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,457)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,164)

Nouveaux Articles

  • 5 prizonye mouri nan prizon sivil Tigwav la akòz grangou epi lòt move kondisyon
  • TBT-“Mizik sove vi m, Pt 2”: il y a trois ans, Tafa Mi-Soleil sortait son premier projet solo
  • Chak jwè ki pral patisipe nan Mondyal feminen an ap jwenn minimòm 30 mil dola

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In