Direksyon jeneral imigrasyon Dominiken an enfòme jounen jodi madi 18 avril 2023 a, li jwenn lòd pou li arete 39 Ayisyen Luis Abinader sanksyone yo, si tout fwa yo ta pile sòl peyi a, selon enfòmasyon jounal Listin Diaro bay.
«Nan ka nou ta aprann prezans yo, ajan lapolis resevwa lòd pou arete yo epi pimpe yo retounen nan peyi Dayiti», selon deklarasyon Nelson Gutiérrez ki se direktè kominikasyon Direksyon Jeneral Migrasyon.
Parapò avèk ensekirite sou zòn fwontyè a, jounal la fè konnen se kapab mwayen pi fasil pou moun sa yo pase antre nan peyi a.
«Pwoblèm nan se paske gen anpil kote sou fwontyè a ki pa an sekirite. Anplis, plizyè kote lame Dominiken an echwe nan kad travay yo», toujou nan sa imigrasyon an fè konnen.
N ap raple prezidan Luis Abinader te pase enstriksyon depi vandredi ki sot pase la avèk Direktè Jeneral migrasyon an, Venancio Alcàntara pou yo pa aksepte okenn nan 39 moun sa yo antre sou teritwa Nasyonal la paske yo reprezante yon menas pou enterè Repiblik Dominikèn.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023