Pierre Buteau, ansyen minis levasyon ak pwofesè inivèsite a jwenn libète li ayè mèkredi 1e fevriye 2023 a, aprè bandi ak zam te antre lakay li epi kidnape li nan dat 24 janvye 2023 a, nan Tomasen 32 (Komin Petyonvil).
Paralèlman, divès enstitisyon tankou Sosyete Ayisyen Istwa Jewografi epi Jewolooji (SHHGG) ak Rektora Inivèsite Leta Dayiti (RUEH) te denonse zak kidnapin bandi ak zam te fè sou pwofesè Pierre Buteau a.
Fanmi viktim lan pa chwazi pataje avèk kikonk kantite lajan kidnapè yo te pran nan men yo pou libere ansyen minis Edikasyon Nasyonal ak pwofesè inivèsite Leta, Pierre Buteau.
N ap raple machin kidnapin lan pa frennen ni sispann bwote moun nan depatman lwès la, Jean Renel Lajoie se youn nan viktim bandi ak zam kidnape depi 27 Janvye 2023 a. Kidonk, chofè bis Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik ( FDSE) lan toujou anba men kidnapè yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post