Nan yon reyinyon a ijans konsèy pèmanan OEA a te tanmen ayè premye fevriye 2023 a, Anbasadè peyi Dayiti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Léon Charles remande kominote entènasyonal la pou vinn ede peyi a. Sou menm lanse a, diplomat la drese move sitiyasyon peyi a, pandan l kritike entènasyonal la dèske yo poko janm vle aji.
Menm jan premye minis Ariel Henry te deside mande entèvansyon militè mwa oktòb pase a nan tèt kole ak konsèy minis lan, se konsa tou anbasadè a refè li ayè douvan manb OEA yo.
“San api yon fòs entènasyonal sou teren an pou ede lapolis la nan operasyon l yo epi pou ede otorite peyi a poze yon bon baz pou sekirite peyi a dire, Ayiti pap ka jwenn sekirite li vle a“, daprè sa diplomat la deklare.
Nan yon bò, li rive kritike kominote entènasyonal la ki jouskaprezan poko janm parèt tèt yo pou ta pile sòl ayisyen an, epi rive reponn ak atant yon pati moun nan sosyete a.
“Poutan malgre grav kriz Ayiti ye a, li poko resevwa bon akonpanyeman l ta dwe jwenn ki pou ta ede l mete lespwa nan mitan popilasyon an. Nou gen lenpresyon kominote entènasyonal la pa menm wè nan ki sitiyasyon ijans Ayiti ap fè fas la“, toujou daprè sa l di pandan reyinyon sila ki t ap fèt sou sitiyasyon kriz peyi a.
Pandan tan sa, ansyen direktè jeneral polis la te tou profite rafrechi memwa peyi manb òganizasyon Eta Ameriken yo, kote l montre yo kijan l ta dwe gen deplwaman militè nan peyi a prese prese. Pami sa l di yo, li site aksyon prezime gang nan peyi a ki pa sispann vyole, touye, vòlè, masakre polisye nou yo, yo menm tou ki menm rive kraze plat yon komisarya nan Pènye.
Nan menm sans lan, li rive mansyone rezidans chèf gouvènman an ki te atake, aprè polisye yo te deside proteste kont zak ansasinay 7 polisye parèy yo nan lyankou, epi 3 lòt ki te tonbe nan metivye.
N ap raple depi oktòb 2022, aprè Òganizasyon Nasyonzini te finn adopte rezolisyon 2653 a, se sèlman sanksyon peyi Etazini ak Kanada ak kèk lòt peyi pran kont kèk dirijan ak òm dafè nan peyi a. Alòske ni gouvènman an, ni yon pati nan sosyete sivil la ap tann entènasyonal la vinn pote Ayiti Sekou anba men gang ki finn anvayi peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post