Responsab pati politik pitit Desalin lan Moïse Jean-Charles fè konnen jodi mèkredi premye fevriye 2023 a, sou antènn radyo Karayib, nòt ki siyen ant 8 pati politik yo se pa yon alyans ki fèt ant yo patikilyèman Parti Haitien Tèt Kale(PHTK)ak li. Men, li rive eksplike se pito yon konsta sou sitiyasyon ensekiritè polisye yo ak lòt ankò, yo te fè ki penmèt yo rive ini yo anba nòt sila a.
Nan entèvansyon sila ansyen senatè a deklare klè se pa yon alyans ki fèt ant yo menm, se ta pito konsyans yo lè yo gade kriz k ap travèse sosyete nou an ki fè yo rive siyen ansanm.
«Nou vin wè tout bagay tonbe, enbyen nou menm pati politik yo san se pa yon alyans ki pa ni konjonktirèl, ni òganik ni yon alyans ideyolojik, nou menm nou fè yon konsta!epi konsta sa li pouse nou mete yon nòt deyò.» daprè sa responsab la deklare pandan l t ap pèsiste pou l di ti gwoup sa, ki gen ladan l 8 pati politik la pa yon gwoup anplis ki kreye.
Pandanstan, Moïse Jean-Charles fè konprann se pa paske platfòm l ap dirije a ak pati tèt kale a siyen nan yon menm nòt ki fè yo mete yo dakò pou sa, men li di: « li pito mete sou kote ògèy li pou yo rive jwenn yon solisyon olye yo ret ap gade sou sa k te pase deja.»
Nan menm sans sa tou, lidè a tou pwofite envite tout lòt pati ki ta fè menm konsta ak yo pou vin siyen nòt sila. Men tou, li soulinye pou kounya yo poko pwopoze anyen men li rete klè pou l di pa gen okenn negosiyasyon yo pral fè ak premye minis Ariel Henry ki daprè li menm, se grenn eleman ki lakòz sitiyasyon kriz nou ye la.
Pou kounya, lidè platfòm pitit Desalin lan anonse depi demen jedi 2 fevriye a, mouvman manifestasyon yo ap relanse nan vil okap. Li di tou lendi k ap vini la tout peyi a ta dwe kontinye leve kanpe kont chèf gouvenman an ki dwe bay tèt peyi a avan 7 fevriye sa. Nan sans sa, li presize tout lekòl dwe toujou ap fonksyone menm si mobilizasyon yo ap rebalanse.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023