Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société International

Peyi Meksik anonse l ap depòte tout migran yo jwenn sou fwontyè li a

Mag Haiti by Mag Haiti
September 26, 2023
in International
0
686 migran pami yo ayisyen mouri oubyen disparèt sou fwontyè Etazini-Meksik la an 2022

Aprè yon rankont yo te gen ant yo vandredi 22 septanm 2023 a, otorite meksiken ak ameriken yo deside siyen yon akò pou depòte tout migran yo ta jwenn sou fwontyè amerikano-meksiken an. Konsa, responsab meksiken yo ta ap negosye ak gouvènman plizyè peyi pami yo Nikaragwa pou ta resevwa tout migran ki gen nasyonalite etranjè yo selon CNN.

“Meksik siyen yon akò ak Etazini pou voye tounen, tout migran yo jwenn nan tout vil fwontalye yo, nan peyi yo sòti a“, daprè sa jounal ameriken an fè konnen. Se yon desizyon ki konsène anpil ayisyen ki pandan jou sa yo deside pase pa Nikaragwa pou antre Etazini. Poutan, nan kondisyon pwogram imanitè Pawòl la yo te prevwa kèlkeswa migran yo arete ki ilegal sou fwontyè a depi yo depòte li posib pou l fè 5 lane san l pa janm ka rive pile teritwa ameriken an.

“Peyi Meksik ta ap negosye ak gouvènman peyi Brezil, Kiba, Venezwela, Nikaragua, Kolonbi. Negosiyasyon sa yo ap fèt se nan kad pou chak peyi sa yo ta konfime yo resevwa migran ki gen rapò ak peyi yo sòti ladan l la“, toujou daprè sa jounal la fè konnen.

Konsa, otorite meksiken yo pran divès lòt mezi pou ta anpeche migran ki sot nan peyi sa yo pou pa pase sou teritwa yo pou yo pa ta al travèse al Etazini.

Nan sa ki konsène mezi yo, responsab meksiken yo te sispann madi 19 septanm nan, aktivite 60 tren nan antrepriz Ferromex akòz yo estime gen anpil migran ki itilize tren yo pou antre sou tè ameriken yo. Mete sou sa, yo pase lòd pou jwenn rapò chak jou sou migran ki pran tren yo, yo mete tou yon sistèm kontwòl nan liy tren yo ak tout otowout yo.

Nan bò pa Etazini, responsab yo te deside fèmen pon Eagle Pass la(pon ki relye Meksik ak Teksas), epi voye 800 sòlda mete sou 2 500 ki te gentan ap jere fwontyè amerikano-meksiken nan.

Selon deklarasyon yon pèsonalite ministè sekirite enteryè ameriken an, gen plis pase 8 600 migran ki fè fwontyè a chak jou. Kote gen 8 000 lòt otorite yo te arete lendi pase a. Poutan, arestasyon sa yo pa rive frennen moun k ap antre Meksik yo puiske minis zafè etranjè meksiken an, Alicia Bárcena te deklare nan lONI vandredi pase a, yo akeyi chak jou anviwon 6 000 migran ki sòti nan amerik Santral la.

N ap soulinye, Enstiti Nasyonal Migrasyon yo nan peyi Meksik voye tounen 788 000 migran divès nasyonalite nan peyi yo sòti a, sòti premye janvye pou rive mwa septanm sa.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 396
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

“Lib e libè, Tous en Libres”: un recueil de poèmes bilingue signé Jeanne-Elsa Chéry

Next Post

Des déplacés de Carrefour-Feuilles victimes de viol dans des centres d’accueil

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Des déplacés de Carrefour-Feuilles victimes de viol dans des centres d’accueil

Des déplacés de Carrefour-Feuilles victimes de viol dans des centres d'accueil

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,896)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,009)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,184)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,924)

Nouveaux Articles

  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik
  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?