Pastè Amel Lafleur deside reponn ak envitasyon komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jacques Lafontant jounen jodi madi 10 Janvye 2023 a, aprè li pat ale nan premye randevou a nan dat 4 janvye ki sot pase a la.
Pastè Legliz Dedye endepandant Pòt Edwat (EDIPE), Amel Lafleur, akize nan zak tizonnay sou pitit fi li, pandan li t ap fè yon sèvis nan asanble li a nan kad yon fòmasyon seksyèl pou fidèl li yo.
Selon komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jacques Lafontant :« li te envite nan pakè maten an, nou tande l nan trankilite devan madanm li ak pitit li epi avoka li, nou fè enfòmasyon preliminè an prezans jij Carole “Tribinal seksyon S”, nan moman n ap redije sa ak sitasyon pou n sinifye li nan 5 jou òdinè pou pastè a vin prezante devan Tribinal koreksyosèl la.»
Pastè Amel Lafleur avèk pitit fi li epi avoka li yo te deside finalman reponn dezyèm envitasyon an jounen Jodi a, anplis anpil kretyen te pwofite akonpanye yo nan kad envitasyon sa.
Selon avoka Guy Alexis: «Ministè Kilt te dwe tann desizyon Jistis la, jiskaprezan poko gen yon desizyon ki rann kont pastè a, anplis se pito yon bout videyo ki pran lari, ki ta vle parèt vrè. Kidonk, pastè a remèt yon videyo ki dire 2è tan avèk komisè a pou li al gade, aprè sa pral penmèt nou pran rekou kont desizyon rapid Ministè Kilt la.»
Paralèlman, Federasyon pwotestan Dayiti pa te pran tan pou li te reyaji pou li te mande pou pastè Amel Lafleur al wè yon sikològ epi mande pou Ministè Kilt te pran sanksyon kont pastè Sila a. Pandan tan sa a Direktè Jeneral Ministè Kilt la, Evens Souffrant pa te pran tan pou li te sanksyone pastè sila pou 5 an, kote li pral sispann egzèse fonksyon sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023