Aprè atak bandi nan espas kongregasyon sè «Filles de Marie» nan lokalite Latranblè 12, jodi madi 10 Janvye 2023 a, responsab kongreganis lan sè Lucie Sanon te deside mande èd avèk otorite polisyè yo pou yo ka vin mete bandi yo deyò nan espas kote kongreganis lan ye a.
Plizyè nèg ak zam pran abitid antre nan espas kongreganis lan, maltrete ak piye tout sak te gen anndan espas la. Selon mè Lucie Sanon : « 25 novanm, mè yo te nan kay yo, sitou se plis granmoun ki nan kay yo, 3 jèn gason te pwente zam sou yo, malgre yo te di se granmoun yo ye, yo paka pwente zam sou yo. Bandi yo te kontinye, jiskaske y al pran nan sak te gen anndan kongregasyon an», selon temwanyaj mè a nan radyo Magik 9.
Depi lè evènman yo kòmanse nan Kwadèboukè, sitou nan lokalite Latranblè, mè nan kongregasyon yo pa sispann fè fas avèk gwo difikilte, akoz yo twomatize, yo paka manje, y ap fè fas avèk yon veritab kalvè kote bandi mete yo deyò.
Toujou selon responsab la :« Mè yo sòti san anyen, gen youn ki te oblije sòti avèk grenn sandal diferan aprè tout estrateji nou te fè pou n sove kite kongregasyon an.»
Se te pral 3èm atak bandi te pral fè sou yo kote yo ta pral piye espas yo bay swen an, lekòl, novisya, elatriye.
« Bandi yo vin avèk yon kanntè anviwon 30 gason ladan l pou yo te sote antre nan lakou a, yo tire nan pa pòt yo, yo antre nan espas kote yo bay laswenyay yo pran kabann, yo pran tout Kaye, liv, yo travèse nan pati novisya, yo kraze, yo bwase, yo gaye tout sa yo jwenn sou wout yo», pawòl sè Lucie Sanon sou radyo Magik 9.
«Anplis, bandi yo te antre nan espas kongregasyon an, yo mete tout sekirite deyò, yo chanje kadna epi yo okipe espas la» se sa li te kontinye ajoute nan emisyon Panel Magik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023