Aprè yo te finn derefize sove kite penitansye nasyonal la ayè aprè evazyon an, otorite polisyè yo transfere jodi dimanch 3 mas 2024 la, 17 mèsenè kolonbyen yo nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a(DCPJ). Dezisyon sila pran tousuit aprè otorite kolonbyen yo ta mande gouvènman ayisyen an pou ba yo pwoteksyon.
Daprè divès medya lokal, se ta avoka mèsenè yo menm, Me Nathalie Delisca ki anonse otorite polisyè yo pran wout DCPJ ak akize yo jodi dimanch la. Nan menm kad dosye sa, yon nòt yo te ekri voye bay gouvènman ayisyen an jodi dimanch la, pwouve yo te gentan mande transfè mesye yo. Anplis, Minis zafè etranjè yo a, Alvaro Leyva nan korespondans sa te pwofite mande pwoteksyon espesyal pou yo menm.
“Ministè zafè etranjè te voye yon nòt diplomatik bah gouvènman ayisyen an, ladan l nou mande pou yo ba yo yon pwoteksyon pou entegrite fizik yo epi sekirite pou resòtisan kolonbyen ki pa lib nan peyi sa”, selon sa N Digital fè konnen pandan yo soulinye yo te mande tou pwoteksyon pou responsab diplomatik ki nan anbasad yo a nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024