Akòz sitiyasyon vyolans la k ap dejenere pi plis chak jou an Ayiti, anbasad amerikèn anonse jodi dimanche 3 mas 2024 la, yo anile tout randevou yo te bay pou lendi rive mèkredi 6 mas la. Pou sa, yo voye yo pinga bay chak grenn sitwayen ki te gen randevou pou jou sa pou yo pa tante vini paske yo prevwa kondisyon yo gendwa pa reyini pou sèvi yo.
“Tout randevou pou viza epi sèvis sitwayen ameriken ak sèvis paspò chak jou yo, demand rapò konsilè nesans nan peyi etranjè ak sèvis notarye yo ki te prevwa pou lendi, madi, mèkredi yo anile“, se sa yo fè konnen pandan yo avèti tout moun operasyon y ap fè nan jou k ap vini la yo se ap sèvis ki ap limite. Se pou sa, yo di tout moun ki gen randevou nan jou sa yo pou pa tante vini nan anbasad la sou okenn pretèks.
Pandantan sa, menm jan yo te lanse yon pinga pou sitwayen ameriken yo pa mete pwent pye yo an Ayiti, se konsa tou yo konseye sila yo ki sou tè ayisyen an pou yo kite peyi sa nenpòt lè okazyon an ta prezante pou sa.
Annatandan, konpayi American Airlines li menm, bò kote pa li sispann depi jodi dimanch la, tout vòl li te gen sou Ayiti yo. Selon Miami Herald, desizyon sa yo pran se toujou pa rapò ak ensekirite a k ap vale teren plis toujou ak dènye evènman yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024