Jounen jodi mèkredi 14 septann 2022 a, jan premye minis defakto Aryel Henry te anonse li nan adrès ak nasyon nan Dimanch ki sot pase a, pri gaz yo ogmante akoz Leta pa deside sibvansyone gaz yo ankò.
Selon sa Minis Afè Sosyal ak Travay, Odney Pierre Ricot di sou radio Magik 9: ” Gazolin 570 goud, Dyezèl 670 goud, Kewozenn 665 goud, aprè desizyon ki sòti nan Konsèy minis lan”.
Sou lòtbò a, Minis Komès la ak Endistri Ricardin Saint Jean te konfime sou Radyo Karayib : ” Pri gaz la an Ayiti vann pi ba parapò ak tout lòt kote nan rejyon an. Sibvansyon gaz la, Leta p ap ka kenbe koz li pa gen souf ase ak mwayen pou sa. Li klè Leta p ap tounen sou desizyon sa”.
Pandanstan, leta santral pwomèt li pral vini ak bon jan akonpayman sosyal pou li ede popilasyon an fè fas ak sitiyasyon sosyal ak ekonomik peyi a ap konnen jounen jodia.
Alòske pouvwa anplas la pa tande kri polilasyon an, li deside monte pri gaz yo kanmenm malgre gwo vag mobilizasyon nan peyi a, sitou kòmansman semenn lan pou rive jiska jounen jodia. Akoz sitiyasyon mizè ak ensekirite k ap grandi pi plis chak jou.
N ap raple plizyè mobilizasyon tanmen nan plizyè vil jounen jodi a, kote Barikad ak dife epi kout wòch ak bal ap tire pasi pala nan peyi a paske popilasyon an mande pou premye minis defakto Ariel Henry ak akolit li kite tèt peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022