Moun yo pa rive idantifye mete dife nan yon machin Subaru ki nan lakou kay Avoka pèp la, yo menm rive sakaje kay mèt la, jodi mèkredi 14 septanm 2022 nan Tomasen 37.
Aprè deklarasyon mèt André Michel te fin fè maten an sou panèl Magik 9, kote li te di: «fò nou gen yon deba pou nou tranche kolektivman kòm sosyete », yon gwoup manifestan te pran direksyon kay avoka a pou bal repons.
Popilasyon ayisyenn lan estime mèt André Michel trayi yo aprè li fin antre nan pouvwa Ariel Henry a. Daprè plizyè twit avoka a fè jounen jodia li envite pèp la pran “chimen dyalòg ” pito. Paske daprè li menm, se 2 mekanis sèlman ki ka fè premye minis lan kite pouvwa a ” Òganize eleksyon oubyen asasine premye minis lan”.
Pòt pawòl Sektè Demokratik Popilè a(SDP)fè konnen nan yon twit, « se moun ki pa vle chita sou tab dyalòg la ki fè doktè Ariel Henry pase plis tan sou pouvwa a ». Nan objektif pou plis garanti ak kominikasyon nan kan pèp la, mèt André Michel te pwofite mande sou panèl Magik9 la, pou yo ta detaye diskou premye minis lan pou konnen kisa chèf gouvèneman an konte fè ak lajan sibvansyon gaz la.
N ap raple mèt André Michel nan yon twit li te fè nan dat 10 septanm 2019 la, te kanpe an kwa pou gouvènman ansyen prezidan Jovenel Moïse la pa te monte pri gaz la, alòske kounya avoka a sanble jwenn bon jan alibi pou kore desizyon premye minis lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post