• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Òganizasyon Sitwayen pou Nouvèl Ayiti mande pou gen ankèt ki fèt sou masak Sous Matla a

La rédaction by La rédaction
22 April 2023
in Société
0
Òganizasyon Sitwayen pou Nouvèl Ayiti mande pou gen ankèt ki fèt sou masak Sous Matla a

Jodi vandredi 21 avril la Òganizasyon Sitwayen pou Nouvèl Ayiti (OCNH) soti yon nòt kote li di li kondane atak nèg ak zam te fè nan zòn Kabarè, presizeman zòn Sous Matla, nan dat 18 avril 2023 a. Nan sans sa yo mande pou gen yon ankèt ki fè limyè sou dosye sa.

18 avril pase a yon gwoup nèg ak zam te debake nan Sous Matla. Menm si pa gen yon bilan ofisyèl ki soti, enfòmasyon kèk manb nan popilasyon an pataje nan mikwo Laprès fè konnen gen anpil moun ki mouri. Pami viktim yo ta genyen anviwon 8 Ti Bebe ak plizyè granmoun ki peri nan lanmè.

Jounen jodi vandredi 21 avril 2023 a, Òganizasyon Sitwayen pou Nouvèl Ayiti (OCNH) fè konnen li kondane zak sa epi mande pou ankèt tabli sou kalite aksyon sa ki fèt sou popilasyon sivil la nan Sous Matla.

«Kantite moun ki mouri plis pase 30 moun, anviwon 8 ti bebe ki nan laj 1 an mouri sou lanmè avèk fanmi yo ki t ap kouri kite lakay yo akoz gwo zak sanginè. Pandan tan sa a Lapolis kontinye fèmen zòrèy li parapò avèk masak bandi ap fè nan lokalite sa», selon sa ONCH ekri nan nòt sa.

Depi plis pase 3 jou, bandi ak zam sou chapo «Kanaran » ak gwoup «Baz 5 segonn» anvayi lokalite sous Matla, komin kabarè. Depi premye jou atak la popilasyon an pa t sispann mande Lapolis vin pote yo sekou.

«Nou lanse yon apèl an ijans avèk otorite konsène yo pou yo pran yon desizyon nesesè pou frennen masak k ap fè san koule nan sous Matla», toujou selon sa ki ekri nan nòt enstitisyon an.

Òganizasyon Sitwayen pou Nouvèl Ayiti di li denonse asasina pastè Jonas kòm notab nan lokalite a, aprè bandi te fini anvayi zòn lan. OCNH di li kontinye fikse angajman li pou Jistis ak reparasyon viktim yo.

«Nou angaje pi plis nan aksyon ak plede kont silans sou masak, nan objektif pou anpeche fèmen nan tiwa listwa».

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 733
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Aucun club haïtien ne pourra participer aux compétitions de la Concacaf jusqu’en 2024

Next Post

Luderly et Luderlove : deux étoiles montantes de l’industrie de la mode et du cinéma

La rédaction

La rédaction

Next Post
Luderly et Luderlove : deux étoiles montantes de l’industrie de la mode et du cinéma

Luderly et Luderlove : deux étoiles montantes de l'industrie de la mode et du cinéma

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,463)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,242)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,457)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,164)

Nouveaux Articles

  • 5 prizonye mouri nan prizon sivil Tigwav la akòz grangou epi lòt move kondisyon
  • TBT-“Mizik sove vi m, Pt 2”: il y a trois ans, Tafa Mi-Soleil sortait son premier projet solo
  • Chak jwè ki pral patisipe nan Mondyal feminen an ap jwenn minimòm 30 mil dola

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In