Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

OCHAN-Haiti mande Konsèy la panse avèk kriz ensekirite alimantè peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
May 4, 2024
in Société
0

Nan yon nòt òganizasyon OCHAN-HAITI pibliye samdi 4 me 2024 la, yo fè konnen peyi a ap konnen yon kriz depase, kote dirijan ki sot pase yo pa t kapab chanje sa. Pou kounya, li swete pou 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, sitou prezidan konsèy la pou li panche sou sitiyasyon ensekirite alimantè nan peyi a.

« Popilasyon an livre nan bouch lanmò. Kadav moun nan tout lari kote chen ap manje yo, moun ap kouri kou chen fou nan pwòp peyi yo akòz zak banditis. Anplis, lòt menas k ap vin jwenn yo sou koze ensekirite» se sa òganizasyon sosyete sivil ak relijye OCHAN-Haiti ekri sou rekòmandasyon li fè avèk manm Konsèy la.

Òganizasyon sa te viktim tou zak ensekirite jeneralize a nan dat 29 me 2023 la. Sa ki pou wè avèk kèk patizan kowonpi aprè yo te fin pran lajan yo nan Kès Asistans Sosyal (CAS).

Jounen jodi a, anpil nan nou oblije nan kache pou evite asasinay nou, anplis zak pèsekisyon n ap sibi, selon sa responsab yo revele Pandan yo fè konnen malgre sa yo pa deside rete nan silans yo parapò ak sa k ap pase nan peyi a nan moman an.

« Nou mande avèk tout lòt òganizasyon pou defann dwa moun yo ak akeyi moun sa yo, sitou sila yo k ap kouri kite kay yo ki piye epi boule akòz gang ak zam. Pou evite plis moun frape anba grangou, gentan gen 5.3 milyon moun k ap fè fas avèk grangou, kote enflasyon an ogmante nan 44%. Anplis, lekòl, legliz epi lopital ki gentan piye ak boule nan kriz sa.», ajoute OCHAN-Haiti sou sitiyasyon malouk peyi a.

Pou fini, yo tou pwofite denonse gouvènman ameriken an pou depòtasyon 74 Ayisyen li sot fè nan dat 18 avril 2024 la. Daprè estrikti a, pou sekirite lavi Ayisyen yo, Etazini ki konsidere kòm frè ak zanmi nou, ta dwe akeyi konpatriyòt nou yo akòz eta ijans ki sou Ayiti a.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 402
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Jij Merlan Belabre te tande Kineton Louis nan dosye koripsyon ki gen nan CNE a

Next Post

Evazyon prizon Pòdpè a: 4 prizonye mouri ak 8 lòt rive sove kite prizon an

Mag Haiti

Mag Haiti

Next Post
Evazyon prizon Pòdpè a: 4 prizonye mouri ak 8 lòt rive sove kite prizon an

Evazyon prizon Pòdpè a: 4 prizonye mouri ak 8 lòt rive sove kite prizon an

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,907)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,011)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,189)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,926)

Nouveaux Articles

  • MJSAC denonse konpòtman ajan ULCC yo te genyen anvè anplwaye li yo
  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?