Nan yon kominike Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) te pibliye ayè dimanch 9 Avril 2023 a, manm yo kondane zak asasina ki te fèt sou 3 polisye nan Tomasen 32 ayè dimanch lan nan aprè midi.
«Nou mande pou popilasyon an rete vijilan, veye epi fè solidarite avèk Lapolis Nasyonal Dayiti kont kriminèl yo» selon sa MJSP ekri nan kominike sa.
Zak asasina 3 polisye sa yo ta vini aprè yon anbiskad bandi ak zam nan Tomasen 32, te pare pou yo, sa ki te pral lakoz lanmò yo.
Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la te kontinye pou li ajoute «Gouvènman ak wo kòmandan Lapolis la ap travay ansanm pou fè respekte lalwa ak aplike trankilite nan peyi an».
N ap raple pa gen twò lontan atravè yon emisyon, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé te pral fè konnen gen teritwa ki pèdi nan peyi an. Pandanstan, l ap kontinye mande popilasyon an fè prèv vijilans ak solidarite avèk lapolis.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023