3 polisye rive pèdi lavi yo anba bal prezime bandi nan zòn Tomasen 48 jounen jodi dimanch 9 Avril 2023 a. Polisye sa yo rive tonbe, se parapò avèk yon anbiskad gang «Ti Makak» yo te pare pou yo, selon responsab sendika polis nasyonal la, Lionel Lazarre.
Chèf SYNAPOHA a fè nou konnen, lanmò 3 polisye sa yo vini aprè menm bakòp lapolis sa ta touye 3 prezime bandi nan gwoup Ti Makak la. Li fè konnen tou ta gen yon 4yèm polisye ki sòti blese nan menm atak sila a.
Pierre Paul Junior Dorcely(28èm pwomosyon), Nicolas Robenson(25èm pwomosyon), Medèze Fortilien(26èm pwomosyon), se non 3 polisye sa yo ki rive pèdi lavi yo jodi dimanch lan nan zòn Tomasen 48, presizeman komin Petyonvil. Selon enfòmasyon responsab SYNAPOHA a bay, polisye sa yo t ap travay nan sou komisarya Tomasen an, yo te anviwon 7 nan machin nan pandan aksyon sa t ap pase a.
«Sanble gen 3 bandi ki ta mouri, ebyen mesye yo al tann yon anbiskad pou bakòp la ki te nan zòn nan, epi yo louvri kout zam sou yo», daprè sa Lazarre fè Mag Haïti konnen.
N ap raple pou sòti janvye pou rive mwa avril 2023 a, deja gen 21 polisye ki tonbe, keseswa nan Kapital la oubyen nan vil pwovens yo.
Sou paj Facebook li Premye minis Ariel Henry di li deplore zak sa a pandan li pwofite swete kondoleyans ak fanmi viktim yo. “N ap fè pèp la konnen nou detèmine pou nou tabli sekirite nan peyi a. Nou pap rete ensansib fas ak sitiyasyon an. N ap travay pou nou pote solisyon“, se sa Ariel Henry deklare.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023