Nan yon kominike ki pibliye ayè jedi 9 mas 2023 a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) Nesmy Manigat akonpanye Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) Emmelie Prophète fè konnen yo pral mete yon plan pou sekirize devan pòt lekòl yo apati lendi k ap 13 mas k ap vini la, nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan.
Desizyon sa te vini ansanm avèk plizyè Direktè lekòl prive ak piblik, anseyan epi Sendika anndan Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la, nan lide pou poze pwoblèm ensekirite lekòl y ap fè fas jounen jodia.
« Se yon okazyon pou minis Jistis ak Sekirite Piblik la bay Enstriksyon li avèk responsab polisye yo, nan objektif pou l ka mande Lapolis nan POLITOUR ak EDUPOL ka etabli mezi rapid an kantite devan perimèt lekòl yo epi sant aprantisaj yo, nan lide pou retabli yon klima sekirite nòmal pou timoun yo ka kontinye suiv kou yo», selon sa ki ekri nan kominike a.
Anplis, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la di li pral mete tout mwayen posib pou Lapolis ka fè fas avèk zak banditis k ap ravaje tout sektè anndan peyi an epi mande sitwayen yo fè devwa epi reziste. Toujou nan avanse reyinyon ki te fèt 5 ak 8 mas 2023, avèk Nesmy Manigat.
Nan dènyè nòt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la te fè sòti nan dat 8 mas la, li te fè konnen tout sila yo ki patisipe oubyen konplis nan zak kidnapin yo, yo pral gen pou pini devan lajistis selon sa lalwa ekri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post