Nan lannuit 26 pou rive 27 dawout 2022 a, vil akayè te dòmi anba dlo. Inondasyon sila a te lakòz anpil dega fèt nan site drapo a.
Majistra vil la, Jean Edner Gilles te mande : ” pou Leta santral la sipòte yo pou yo ka fè fas ak sitiyasyon sa”.
Ajan enterimè a, Jean Edner Gilles nan tèt kole ak Biwo Pwoteksyon Sivil nan akayè te pwofite nan yon konferans pou laprès ayè mèkredi 31 dawout la pou mete deyò bilan inondasyon sa a ki lakoz Clément Junior, yon Jenn gason pèdi yon pye li nan zonn Woujòl, anviwon 800 moun nan abri pwovizwa, 114 kay ki kraze, 100 lòt ki frape ak evenman sa, gen anviwon 2800 bèt betay ki disparèt, tankou : cheval, bourik, kabrit, milèt, kochon, elatriye.
Majistra komin Akayè a ak sipò lòt tèt nan meri vil la te pase vizite kèk zonn, tankou korày mitan, dikbobi, Woujòl ak lòt ankò. Pou yo te frennen dega yo, majistra a te mete kèk materyèl pwa lou nan kèk zonn pou kanalize dlo yo epi netwaye rivyè dikbobi a.
Aprè Konsta Dirijan Fòs Altènatif la, Wilner René te di l pa wè prezans leta 5 jou aprè inondasyon sa a.
Li te tou pwofite lanse yon SOS pou leta santral la pou mande li pran responsabilite li nan vil Akayè. Li te anonse site drapo a ap leve kanpe pou defann dwa li si leta pa bay bon jan èd ak viktim sila a yo aprè katastwòf natirèl sa.
Wilner René te denonse leta ki pa bay vil akayè akonpanyeman nan inondasyon sa aprè lapli te fin tonbe vandredi 26 dawout la. Li pa te bliye di yo se sitwayen ayisyen natif natal ki peye taks, li envite moun k ap pran kòb taks yo ak boujwa revandè yo pran responsabilite yo. Si sa pa rive fèt li anonse vil akayè ap pran lari nan jou ki pral vini yo la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.
Discussion about this post