Jounen jodi mèkredi 31 dawout 2022 a, plizyè sitwayen te foule makadanm nan sou inisyativ REZISTANS SIDÈS, nan vil Jakmèl, pou mande desann pri lajan ameriken an epi pwodui nesesite yo. Manifestan yo te pwofite mande pou Biwo transfè yo bay lajan an dola ak kliyan yo, selon medya anliy Jakmèl Enfo.
Popilasyon Jakmèl la te manifeste pou mande kouran, gaz epi sekirite nan peyi a. Kote Moun yo t ap chante : ” Ariel ooo san n ap koule, nou mele”, toujou selon menm sous la.
Manifestan yo di yo p ap bay vag toutotan sa yo mande yo pa abouti, anplis premye minis defakto Ariel Henry avèk akolit li yo dwd kite tèt peyi a. Kidonk, fòk Matisan debloke, fòk gen sekirite ak gaz nan ponp yo, elatriye. Se sa y ap mande ak Leta Ayisyen.
Pouvwa kontinye ap obsève divès vil k ap leve kanpe pou mande yon kondisyon miyò ak moso Sekirite, gaz epi to dola ameriken an ki pou bese. Malgre Bank Santral sot mete deyò 3.5 milyon dola ameriken sou mache lokal la nan fason pou l ka remanbre sitiyasyon ekonomik k ap galonnen desann chak jou pi plis nan peyi a. Pandan, li kontinye kwè gen lòt mezi k ap vini pou sòti Ayiti nan kriz sa.
CP: Jacmel Info
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.