Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) atravè yon kominike piblik, denonse ak kondane aksyon plizyè endivi ki vini twouble fonksyonman lise Mari Jàn ak lise Jèn fi nan Pòtoprens lan, jounen jodi lendi 13 mas 2023 a.
Ministè Edikasyon te kontinye pou li denonse aksyon plizyè endividi sa yo te poze. «Pami endividi sa yo, genyen ki te pote inifòm lise ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo epi brasa nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo epu fè menas pou yo ka fèmen 2 lise sa yo», selon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
Se gras ak entèvansyon lapolis ki fè plis dega pa te rive fèt. Ministè a kontinye pou li denonse ak kondane aksyon endividi sa yo epi mande : «Tout aktè, tout patnè epi tout sitwayen pou yo kontinye mete men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou edikasyon timoun yo, anplis pwoteje lekòl yo.»
Diplis, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te avanse pou li di «Pa gen avni san edikasyon, pa gen peyi san edikasyon. Lekòl se pi gwo zouti pou nou sove sosyete sa a ak timoun yo.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post