Atravè yon konferans nan Laprès jounen jodi 9 mas 2023 a, medsen rezidan nan Lopital Inivèsite Deta Dayiti anonse yo pral kontinye avèk grèv ki te la depi 22 desanm 2022 a. Kote yo t ap reklame pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon salè. Malgre tout diskisyon nou avèk kèk otorite, okenn desizyon favorab pa janm akouche.
« N ap kontinye mouvman grèv sa toutotan otorite konsène yo pa reponn avèk revandikasyon lejitim nou yo», se deklarasyon yon medsen rezidan nan Lopital Jeneral la.
Medsen rezidan yo te pwoteste sitiyasyon kritik yo, sitou salè 12 600 goud y ap touche pandan lavi chè ap ogmante, kidonk lajan sa y ap touche vrèman pa reponn avèk bezwen yo. «Nou mande yon ogmantasyon », selon Dr. Ernesto Josaphat, medsen rezidan nan Lopital Jeneral.
Lopital Jeneral ap konnen yon dividal pwoblèm, tankou kouran, pwoblèm dlo nan sal yo benyen an, pa gen kabann ase pou rezidan yo ni materyèl pou travay. Kidonk, medsen rezidan yo anonse yo pral kontinye mouvman grèv la ankò.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post