Jounen jodi jedi 9 mas 2023 a, nan yon konferans pou laprès pòt pawòl lapolis Gary Desrosiers bay «Lapolis ap chèche san kanpe 14 prezime asasen ki ta patisipe nan dosye asasina lanmò ansyen prezidan larepiblik Jovenel Moïse la», selon enspektè divizyonè Gary Desrosiers.
Dosye lanmò Jovenel Moïse retounen fè pale sou kote lapolis rive mennen ankèt epi mete yon avi rechèch dèyè 14 prezime koupab, presizeman 8 polisye, tankou : Paulasse Eugène, Jean Baptiste Altesse, Jameson Lundy, Berger Sylvain, Lesley Pierre, W. Roosevelt, Evaldo Rodriguez et Esther Sylia. Anplis, lapolis nan Direksyon Santral Polis Jidisyè mete manda dèyè pastè Gérald Bataille, Prévost Ronsard epi chèf gang «Kraze Baryè» Vitelhomme Innocent.
«Lapolis pa gen twò lontan li pral mete foto Sila sa yo deyò poutèt zak asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse yo te patisipe lakay li Pèleren 5, nan lannuit 6 pou rive 7 Jiyè 2021» selon Gary Desrosiers.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023